Pifò revni enpozab sof si lalwa egzante l espesyalman. Revni kapab lajan, pwopriyete, byen oswa sèvis. Menmsi ou pa resevwa yon fòm pou rapòte revni an, ou ta dwe rapòte li sou deklarasyon enpo w la.

Revni an enpozab lè w resevwa l, mensi ou pa kach li oswa itilize l tousuit. Yo konsidere l kòm revni pa w menmsi se yon lòt moun yo peye pou ou.