Kòman pou depoze yon deklarasyon taks final pou yon moun ki mouri

Konsèy Fiskal IRS 2022-96, 23 Jen 2022

Lè yon moun mouri, konjwen yo a oswa reprezantan ki la k ap viv depoze deklarasyon taks final moun ki mouri a (an anglè). Nan deklarasyon taks final la, konjwen oswa reprezantan an ki la k ap viv la ap fè konnen moun nan mouri. IRS la pa bezwen okenn lòt notifikasyon sou desè a.

Dabitid, se moun ki mouri a ki chwazi reprezantan k ap depoze deklarasyon final la oswa yon tribinal ki nonmen l. Pafwa, lè pa gen yon konjwen ki la k ap viv oswa yon reprezantan ki nonmen, yon reprezantan pèsonèl ap depoze deklarasyon final la.

Men kèk bagay pou konnen konsènan depoze deklarasyon final la

  • IRS la konsidere yon moun marye pou tout ane kote mari oswa madanm li mouri si yo pat remarye pandan ane sa.
  • Konjwen ki la k ap viv la kalifye pou li itilize kondisyon fiskal marye k ap deklare ansanm oswa marye k ap deklare apa.
  • Deklarasyon final la dwe fèt nan dat limit regilye avril la sof si konjwen ki la k ap viv la oswa reprezantan an gen yon pwolongasyon.

Kiyès ki dwe siyen deklarasyon an

Lè se deklarasyon elektwonik, konjwen ki la k ap viv la oswa reprezantan an dwe swiv enstriksyon lojisyèl la bay yo pou ekzijans nan sa ki gen pou wè ak siyati ak notasyon. Pou deklarasyon sou papye yo, moun k ap fè deklarasyon an dwe ekri mo mouri a, non moun ki mouri a ak dat desè a an travè nan tèt la. Men kiyès ki dwe siyen deklarasyon an:

  • Nenpòt reprezantan yo nonmen dwe siyen deklarasyon an. SI se yon deklarasyon konjwen, konjwen ki la k ap viv la dwe siyen li tou.
  • Si pa gen yon reprezantan yo nonmen, konjwen ki la k ap viv la dwe siyen deklarasyon an epi ekri nan espas pou siyati a, pou li deklare antanke konjwen ki la k ap viv.
  • Si pa genyen reprezantan ki nonmen, ni konjwen ki la k ap viv, moun ki responsab pwopriyete moun ki mouri a dwe depoze epi siyen deklarasyon an antanke "reprezantan pèsonèl."

Lòt dokiman ki pou la

Si gen dèt taks, moun k ap deklare a dwe soumèt pèman an avèk deklarasyon an oswa vizite paj pèman IRS.gov la pou lòt opsyon pèman. Si yo pa kapab peye montan dèt la touswit, yo ka kalifye pou yon plan pèman oswa akò vèsman.

Vèf oswa vèv ki kalifye

Konjwen ki la k ap viv ki gen timoun sou kont yo ka anmezi pou yo deklare antanke yon Vèf oswa vèv kalifye pou de (2) ane apre desè konjwen yo a.

Kondisyon fiskal sa pèmèt yo itilize to fiskal deklarasyo konjwen yo ak montan dediksyon estanda ki pi wo a si yo pa detaye dediksyon yo.

Plis enfòmasyon

Abòne ak Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)