Ki jan estati ranplisè kontribiyab la afekte deklarasyon taks li

Konsèy Fiskal IRS 2022-13, 25 Janvye, 2022

Estati ranplisè kontribyab la fè IRS konnen l ak fè konnen sitiyasyon taks li. Sa se jis yon rezon kontribyab yo dwe familyarize yo ak chak opsyon ak konnen estati ranplisè korèk yo. Asistan Taks Entèraktif (an anglè) IRS la kapab ede yo detèmine estati ranplisaj yo.

Kapab aplike nan kEstati ranplisè yon kontribyab jeneralman depann de si yo konsidere l selibatè oubyen marye 31 desanm, sa ki detèmine estati ranplisè l pou tout ane a.

Plis pase yon estati ranplisè kapab aplike nan kèk sitiyasyon. Nan ka sa a, kontribyab yo kapab chwazi estati ranplisè ki pèmèt yo genyen pi piti taks la.

Nan preparasyon ak ranplisaj yon deklarasyon taks, estati ranplisè a detèmine:

  • Si kontribyab la oblije ranpli yon deklarasyon taks federal
  • Si yo dwe ranpli yon deklarasyon pou resevwa ranbousman
  • Montan dediksyon estanda yo
  • Si yo kapab reklame kèk kredi taks
  • Kantite taks yo genyen

Men senk estati ranplisè yo:

  • Selibatè. Nòmalman, estati sa a se pou kontribyab ki pa marye, divòse ou ki legalman separe nan yon divòs oubyen separe daprè lwa sou antretyen disten lalwa Eta a reji.
     
  • Marye k ap deklare ansanm. Si yon kontribyab yo marye, li kapab ranpli yon deklarasyon taks avèk konjwen li. Si youn nan konjwen yo mouri an 2021, konjwen ki vivan an kapab sèvi ak marye k ap deklare ansanm nan antanke estati ranplisè pou 2021 si yo kalifye pou sèvi ak estati sila a.
     
  • Marye k ap deklare separeman. Koup marye kapab chwazi ranpli deklarasyon taks separeman. Sa profitab pou kontribyab ki vle responsab taks pa yo sèlman oubyen si sa ap bay pi piti taks pase deklarasyon taks la ansanm.
     
  • Tèt fanmi. Kontribiyab ki pa marye kapab deklare sèvi ak estati sila a, men gen kondisyon espesyal ki aplike a sa. Pa egzanp, kontribyab la dwe peye plis pase mwatye lajan kay la pou pou tèt yo ak yon moun kalifye ki rete nan kay la pou mwatye ane a.
     
  • Vèf kalifye oubyen vèf ak timoun sou kont yo. Estati sa a kapab aplike a kontribyab k ap ranpli deklarasyon taks an 2021 si konjwen yo mouri an 2019 oubyen 2020, e yo pa remarye anvan fen ane 2021 epitou genyen yon timoun sou kont yo. Lòt kondisyon aplike tou.

Plis enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an angle)