Konsèy sou taks pou COVID 2021-94, May 30, 2021
Yon pastan se yon aktivite yon moun ap fè paske li jwenn amizman ladan epi san li pa gen entansyon tire pwofi ladan. Sa a diferan parapò ak sa yo k ap fè yon biznis fonksyone avèk entansyon pou fè pwofi.
Pou detèmine si aktivite yo a se biznis oswa pastan, kontribyab yo dwe konsidere nèf (9) faktè.
Faktè sa yo se:
- Si aktivite ap fèt nan yon mannyè pou fè biznis epi kontribyab la kenbe bon liv ak done ki konplè.
- Si tan ak efò kontibayb la mete nan aktivite a montre li gen entansyon tire pwofi ladan.
- Si yo depann de revni ki antre apati aktivite a pou yo viv.
- Si gen pèt ki fèt akoz sikonstans ki pa depann de volonte kontribyab la oswa se nòmal nan faz demaraj biznis l ap fè a.
- Si yo chanje mannyè yo fonksyone pou fè pwofi a pi gwo.
- Si kontribyab la ak konseye li yo genyen konesans nesesè pou fè aktivite a vin yon gwo biznis.
- Si kontribyab la te reyisi fè pwofi nan menm kalite aktivite yo nan lane ki pase yo.
- Si aktivite a fè pwofi nan kèk ane epi konbyen pwofi li fè.
- Si kontribyab yo ka atann y ap fè yon lòt pwofi apati jan yo apresye aktif yo itilize nan aktivite a.
Tout faktè yo, fè yo ak sikonstans yo ki gen rapò ak aktivite a dwe konsidere. Epi, pa gen yon faktè ki pi enpòtan pase lòt.
Si yon kontribyab resevwa yon revni apati yon aktivite y ap fè san yo pa t gen entansyon tire yon pwofi ladan, yo dwe deklare revni yo resevwa a nan Anèks 1, Fòm 1040, liy 8 (an anglè) PDF.