Men divès kalite fason kontribyab yo ka peye taks federal yo

Konsèy taks IRS 2022-45, 23 mas 2022

Dat limit 18 avril la pou moun fè epi peye taks federal sou revni prèske rive. Puiske peye taks obligatwa, IRS ofri yon varyete fason pou kontribyab yo peye taks yo.

Kèk kontribyab dwe fè pèman enpo estime yo chak trimès pandan ane a. Sa enkli pwopriyetè inik, patnè, ak aksyonè sosyete S ki panse yo ka dwe $1,000 oswa plis lè y ap fè deklarasyon. Moun ki patisipe nan ekonomi ti travay (gig economy) la gendwa oblije fè peman estime yo tou. Kontribyab yo ka peye tout enpo estime (an anglè) 2022 yo anvan 18 avril 2022 oswa an kat vèsman chak trimès ki sipoze fèt 18 avril 2022, 15 jen 2022, 15 septanm 2022 ak 17 janvye 2023.

Men sis fason moun ki dwe taks yo ka peye yo. Yo kapab:

  • Peye lè yo fè deklarasyon elektwonik, itilize kont bankè yo gratis, lè yo itilize retrè lajan elektwonik (an anglè).
     
  • Konekte sou Kont Anliy yo pou peye balans 2021 yo, enpo estime yo, oswa peman pou yon ekstansyon pou fè deklarasyon. Kontribyab yo ka tcheke istorisite peman yo, nenpòt peman ki pwograme oswa ki annatant, ak lòt detay sou kont yo tou.
     
  • Itilize Pèman Dirèk IRS la pou peye elektwonikman apati de kont chèk oswa kont epay yo. Kontribyab yo ka chwazi pou pwograme yon peman jiska 365 jou davans. Yo ka chwazi pou resevwa notifikasyon imel sou peman yo lè yo peye fason sa a.
     
  • Itilize yon pwosesè peman pou peye ak kat kredi, kat debi oswa opsyon bous dijital. Kontribyab yo ka fè pèman sa yo sou Entènèt, pa telefòn.
     
  • Fè yon pèman ak lajan likid nan plis pase 60,000 komès lokal an detay k ap patisipe nan tout peyi a. Pou peye ak lajan likid, kontribyab yo ta dwe ale sou sit IRS.gov la epi swiv enstriksyon yo.
     
  • Peye sou yon peryòd tan lè yo aplike pou yon akò pèman sou entènèt. Depi IRS fin aksepte yon akò, kontribyab yo ka fè peman yo pa vèsman chak mwa .