Fòm 1099-K FAQ

Jwenn repons pou kesyon yo poze souvan (FAQ) sou Fòm 1099-K.

Sa ki nouvo

Yo te pibliye mizajou ak nouvo FAQ pou piblik la nan Fèy Enfòmasyon 2024-03 PDF, 6 fevriye 2024.

Nan dat 21 novanm 2023, nan Avi 2023-74 (an anglè), IRS te anonse ane kalandriye 2023 a t ap yon ane tranzisyon pou òganizasyon règleman tyès pati (TPSO). TPSO yo, ki gen ladann l aplikasyon peman ki popilè yo ak mache sou entènèt, dwe ranpli avèk IRS epi bay kontribyab yo Fòm 1099-K ki rapòte peman pou machandiz oswa sèvis pou peman brit ki depase $20 000 epi gen plis pase 200 tranzaksyon pandan ane a.