Konsèy sou taks pou COVID 2021-85, May 15, 2021
Prelèvman garanti a se yon enpo federal sou revni ki pa mande prelèvman enpo, tankou 1099 ak revni W2-G. Kontribyab ki resevwa kalite revni sa a ka gen prelèvman garanti a (an anglè) dedui nan peman yo.
Men kèk fè debaz konsènan prelèvman garanti a.
Prelèvman garanti an obligatwa sou kèk montan san reminerasyon lè gen yon seri kondisyon ki aplike.
Moun k ap fè peman sa yo bay benefisyè a pa fè prelèvman enpo jeneralman, e benefisyè a siyale epi peye enpo sou revni sa a lè li fè deklarasyon enpo federal li yo. Sepandan, genyen sitiyasyon kote moun k ap peye a oblije prelve yon pousantaj enpo pou li rasire IRS la resevwa enpo ki dwe peye pou revni sa a.
To prelèvman garanti a se yon pousantaj yon peman
Aktyèl pousantaj la se 24%.
Peman k ap gen prelèvman garanti yo se:
- Peman enterè yo
- Dividand yo
- Tranzaksyon pa mwayen kat peman ak rezo tyès
- Patwonaj dividand, men se sèlman si peman an se ak lajan
- Lokasyon, pwofi oswa lòt gen
- Komisyon, frè oswa lòt peman pou travay ki fèt antanke kontraktè endepandan
- Peman koutye fè
- Echanj nan twoke
- Peman moun k ap eksplwate bato lapèch yo, men se sèlman si pati yo peye a se bon lajan ak si sa reprezante yon pati nan sa yo kaptire a
- Peman redevans yo
- Gen nan jwèt pou lajan, si yo pa nan prelèvman pou jwèt pou lajan yo
- Sibvansyon ki gen taks sou yo
- Peman pou agrikilti yo
Men kèk ekzanp kote moun k ap peye a dwe dedui prelèvman garanti a:
- Si yon moun k ap resevwa lajan an pa bay moun k ap peye a yon Nimewo Idantifikasyon Kontribyab (TIN).
- Yon TIN idantifye espesifikman moun k ap resevwa lajan an.
- TIN yo se nimewo Sekirite Sosyal yo, Nimewo Idantifikasyon Anplwayè yo, Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Pèsonèl yo ak Nimewo Idantifikasyon Kontribyab pou Adopsyon.
- Si IRS la enfòme moun k ap peye a moun k ap resevwa lajan an bay yon TIN ki pa koresponn ak non li ki nan dosye li ki nan IRS la, epi moun k ap peye a pa sekirize bon TIN moun k ap resevwa lajan an. Moun k ap resevwa lajan yo ta dwe rasire yo si moun k ap peye a genyen non ak TIN ki kòrèk pou evite prelèvman garanti.
Plis enfòmasyon:
- Pwogram "B" Prelèvman Garanti (an anglè)
- Piblikasyon 1281, Prelèvman Garanti pou Non/TIN ki Manke ak ki Pa Kòrèk (an angle)