Dediksyon pou Depans Edikatè yo ede pwofesè yo diminye depans pou salklas yo

Konsèy Fiskal IRS 2023-104, 28 Out 2023

Souvan, pwofesè yo achte founiti pou salklas yo ak pwòp lajan yo. Dediksyon Depans Edikatè a ede yo rejwenn yon pati nan lajan sa a. Pwofesè ak administratè ki elijib yo ka dedwi yon pati nan frè pou teknoloji, founiti ak fòmasyon nan enpo yo. Yo ka reklame dediksyon sa a sèlman pou depans anplwayè yo, yon sibvansyon oswa lòt sous pat ranbouse.

Ki moun ki yon edikatè ki kalifye

Kontribyab la dwe yon pwofesè klas matènèl jiska klas 12yèm ane, yon enstriktè, konseye, direktè oswa asistan. Yo dwe travay tou 900 èdtan omwen nan yon ane eskolè nan yon lekòl ki bay edikasyon elemantè oswa segondè jan lalwa eta a detèmine sa.

Bagay ou dwe konnen konsènan dediksyon sa a

Edikatè yo ka dedwi jiska $300 nan depans komès oswa biznis ki pa te ranbouse. Si de (2) edikatè ki marye ap ranpli yon deklarasyon ansanm, limit lan monte a $600. Kontribyab sa yo pa ka dedwi plis pase $300 a yo chak.

Depans ki kalifye yo se montan kontribyab la te peye poukont li pandan ane fiskal la.

Men kèk nan depans yon edikatè ka dedwi

  • Frè pou kou devlopman pwofesyonèl yo.
  • Liv ak founiti yo.
  • Atik pou pwoteksyon kont COVID-19 pou anpeche pwopagasyon maladi a nan sal klas la.
  • Ekipman òdinatè, tankou lojisyèl ak sèvis ki lye yo.
  • Lòt ekipman ak materyèl yo itilize nan salklas la.

Plis Enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)