Fè kòb sou kote: Èske se pastan oswa biznis?

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

Konsèy IRS sou Taks 2020-108, 25 Dawou 2020

Kit se yon bagay y ap fè depi anpil ane, kit se yon bagay yo fèk kòmanse pou fè ti kòb anplis, kontribyab taks yo dwe rapòte lajan yo fè nan pastan yo nan deklarasyon taks ane 2020 k ap vini an.

Ki diferans ki genyen ant pastan ak biznis? Yon biznis fonksyone pou l fè lajan. Moun angaje yo nan pastan pou amize yo oudimwens pou pran plezi yo, men pa pou fè lajan.

Men nèf bagay yon kontribyab taks dwe konsidere lè pou l konnen si yon aktivite se pastan oubyen biznis li ye:

  • Èske aktivite a opere tankou biznis epi kontribyab taks la genyen yon kaye finans ak achiv ki egzat.
     
  • Èske tan ak efò kontribyab la envesti nan aktivite a montre l gen entansyon pou l fè kòb.
     
  • Èske yo depann sou kòb aktivite a antre pou yo ka viv.
     
  • Èske nenpòt lè yo pèdi kòb sou aktivite a se kòz sikonstans ki pa sou kontwòl kontribyab la, oswa se nòmal pou tip biznis yo genyen an paske se nan faz kòmansman yo ye.
     
  • Èske yo chanje metòd nan fonksyònman yo nan objektif pou rantre plis kòb.
     
  • Èske kontribyab taks la ak konseye l yo gen konesans ki nesesè pou egzekite aktivite a pou l vin yon biznis ki pote siksè.
     
  • Èske kontribyab la nan tan pase te gen siksè deja nan fè kòb nan lòt aktivite ki menm jan ak sa a.
     
  • Èske aktivite a fè pwofi nan kèk ane, epi ki kantite pwofi l jenere.
     
  • Èske kontribyab taks yo ka espere fè pwofi nan tan k ap vini paske byen yo ki itilize nan aktivite a ap gen plis valè pi devan.

IRS genyen anpil resous ki ka ede kontribyab taks yo rapòte revni yo san fòt. Gade pi ba la a seksyon ki di plis enfòmasyon pou plis konsèy.

Plis Enfòmasyon

Abòne ak Konsèy Taks IRS (an anglè)