Anak fiskal ki fèt souvan ak konsèy pou ede kontribyab yo evite yo

Konsèy Taks IRS 2021-164, 4 Novanm 2021

Nan dènye ane yo, anak ak eskwokri fiskal yo fèt anpil. Eskwòk yo ap travay tout ane a, sa ki vle di, kontribyab yo dwe rete vijilan pou yo evite viktim. Men kèk konsèy pou ede moun yo rekonèt epi evite kèk nan anak fiskal ki fèt pi souvan yo.

Amsonaj nan imèl

IRS la pa kontakte kontribyab yo pa mwayen mesaj imèl pou mande yo enfòmasyon pèsonèl oswa finansyè yo. Jeneralman, IRS la voye yon fakti fòma papye bay moun ki dwe taks la pa mayen lapòs. Nan kèk sitiyasyon espesyal, IRS la ap rele oswa ale nan yon kay oswa yon biznis (an anglè).

Kontribyab yo ta dwe rapòte IRS, Trezò oswa eskwokri fiskal sispèk pandan y ap anrejistre imèl la epi voye fichye sa kòm yon atachman nan phishing@irs.gov. Yo pa ta dwe louvri okenn atachman, klike sou okenn lyen, reponn ekspeditè a, oswa antreprann okenn aksyon ki te ka mete yo an danje.

Anak nan telefòn

Jeneralman, IRS voye yon fakti pa mwayen lapòs bay kontribyab ki dwe taks la. Genyen mwayen espesifik pou peye taks yo. Ajans lan ak ajans koleksyon prive otorize (an anglè) li yo p ap:

  • Kite mesaj menasan, ijan, mesaj ki anrejistre sou yon sistèm repons.
  • Menase y ap mennen polis oswa lòt fòs lòd touswit pou arete kontribyab la paske li pa peye, depòte yo oswa revoke lisans yo.
  • Rele pou mande peman touswit ak yon kat debi prepeye, yon kat kado oswa transfè.
  • Mande chèk pou tyès yo.
  • Mande peman san bay kontribyab la yon opòtinite pou kesyone oswa konteste montan ki dwe a.

    Kriminèl yo kapab itilize fo nimewo idantite apelan pou yo parèt nenpòt kote nan peyi a. Anakè yo kapab sèvi avèk nimewo telefòn yon biwo IRS oswa nimewo plizyè ajans gouvènman lokal, leta, federal oswa tribal.

Si yon kontribyab resevwa yon apèl telefòn ki an rapò ak Trezò oswa IRS, men li pa dwe taks e li pa gen okenn rezon pou yo panse yo dwe, yo ta dwe:

Si yon kontribyab vle verifye ki taks li dwe IRS la, yo ta dwe:

Enfòmasyon anplis:

Abòne ak Konsèy Taks IRS yo (an angle)