Kredi Enpo pou Timoun: Fanmi ki gen chanjman nan revni yo dwe rantre yo nan pòtal anliy IRS la nan lendi pou sa ka gen enpak sou peman 15 novanm nan; vèsyon Panyòl la ap vini nan fen novanm

IR-2021-211, 29 Oktòb 2021

WASHINGTON — Nan lendi 1ye novanm, Sèvis Revni Entèn nan ap lanse yon nouvo fonksyonalite k ap pèmèt tout fanmi k ap resevwa peman mansyèl Kredi Enpo pou Timoun yo aktyalize revni yo atravè Pòtal Aktyalizasyon Kredi Enpo pou Timoun nan (CTC UP), disponib sèlman sou IRS.gov.

Pou ede fanmi yo planifye davans, IRS la anonse jodia tou, nan fen novanm nan l ap lanse yon nouvo vèsyon CTC UP a nan lang Panyòl.

IRS ankouraje fanmi yo pou yo rantre tout gwo chanjman ki fèt nan revni yo anvan minwi nan 1ye novanm pou yo ka reflete nan peman novanm yo a, ki pwograme pou 15 novanm. Si yon fanmi pa anmezi pou li fè chanjman yo nan 1ye novanm nan, yo kapab rantre yo anvan 29 novanm pou yo ka reflete nan peman desanm nan. Depi mizajou a fin fèt, IRS la ap ajiste montan peman ki rete yo pou li rasire li moun yo resevwa peman avans total la pou ane a. Pou koup ki marye yo, si youn nan konjwen yo fè mizajou a nan revni an,l ap aplike pou toude (2) konjwen yo e sa ka gen enpak sou pwochen peman avans mansyèl Kredi Enpo pou Timoun pou toude (2) konjwen yo.

Fonksyonalite revni an bon pou kèk moun

Nouvo fonksyonalite revni an kapab ede fanmi yo rasire yo si yo resevwa bon montan peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo nan 2021 an. Pou rezon sa, l ap itil espesyalman pou tout fanmi ki vle ogmante oswa diminye peman mansyèl yo a paske revni 2021 an te ogmante oswa diminye anpil, konpare ak sa 2020 an.

Nan anpil, men pa nan tout ka yo, yon gwo varyasyon nan revni an kapab, swa ogmante swa diminye peman mansyèl yon fanmi. Nòmalman, sa vle di tout ti chanjman nan revni yo p ap genyen enpak montan peman an epi yo p ap bezwen rantre nan CTC UP a.

Tout chanjman ki fèt nan montan peman mansyèl la ap reflete nan peman 15 novanm ak peman 15 desanm nan, men se sèlman si yon moun ranpli demann revni aktyalize yo a anvan minwi èdelès, nan lendi 1ye novanm. Chanjman ki fèt apre dat sa, men anvan minwi nan 29 novanm, ap gen enpak sèlman sou peman 15 desanm nan, ki se dènye pwogramasyon peman mansyèl pou 2021 an. IRS la ap ajiste montan peman an pou reflete chanjman sa yo epi rasire li moun yo resevwa peman avans total jiska 1 800 dola pou ane pou chak timoun ki gen mwens pase 6 lane epi jiska 1 500 dola pou chak timoun ki genyen soti 6 rive 17 lane.

Kiyès ki kalifye pou yon pi gwo peman

Nan kèk ka, fanmi k ap resevwa peman mansyèl yo aktyèlman ki pi ba pase maksimòm nan ka kalifye pou peman yo ogmante. Sa te ka rive si, pa egzanp, yo te pèdi travay yo nan 2021 an, oswa pou kèk lòt rezon y ap resevwa pi piti revni ane sa a. Si rediksyon sou revni gwo ase, rapòte chanjman sa a ka ogmante montan peman avans CTC yo a pou rès ane sa a.

Pou tout fanmi ki deja ap resevwa peman maksimòm nan, yon gout nan revni an p ap ogmante montan peman an. Nòmalman, peman CTC maksimòm nan se 300 dola chak mwa pou chak timoun kalifye ki gen mwens pase 6 lane, ak 250 dola chak mwa pou chak timoun ki gen soti 6 rive 17 lane.

Majorite fanmi yo ap resevwa mwatye total CTC a pa peman mansyèl. Sa vle di, tout chanjman ki rantre nan CTC UP a ap ogmante oswa diminye peman mansyèl yo pou li rasire li yo resevwa mwatye kredi total yo t ap tann nan anvan fen 2021 an. Y ap reklame pati ki rete a nan deklarasyon taks 2021 yo a.

Peman kiyès ki ta dwe redui

Tout fanmi ki gen revni yo ki te ogmante anpil nan 2021 an ta dwe konsidere mande redui peman yo. Yo ta dwe fè sa sitou si yo ap resevwa peman mansyèl maksimòm nan aktyèlman, epi yo espere kalifye pou mwens pase tout kredi a lè yo depoze deklarasyon taks sou revni federal 2021 yo a. Pou plis enfòmasyon sou kalkil CTC a, gade Sijè C nan Kesyon yo Poze Souvan ajans lan. An patikilye, kote yon fanmi kalifye pou resevwa mwens pase tout montan an, gadesee QC 4 ak QC 5.

Itilizasyon pòtal la pou rapòte chanjman nan revni yo

Se sèlman fani ki deja elijib yo epi k ap resevwa peman avans CTC yo ki baze sou deklarasyon taks 2020 yo kapab itilize CTC UP a pou aktyalize revni yo. Remake, yon moun ki te depoze yon deklarasyon konjwen pou 2020 an kapab aktyalize revni yo sèlman si yo planifye pou depoze yon deklarasyon konjwen pou 2021 an avèk menm konjwen an. Reprezantan IRS yo pa kapab trete chanjman nan revni yo nan telefòn oswa nan Sant Asistans pou Kontribyab yo.

Apre yon aktyalizasyon revni fin fèt, Pòtal Aktyalizasyon an ap fè konnen gen yon chanjman ki te fèt men li p ap afiche li. Menm jan an, reprezantan IRS yo p ap kapab konfime si aktyalizasyon an te fèt.

Fanmi ki gen ti revni kapab toujou enskri

Li pa twò ta pou fanmi ki gen ti revni yo enskri pou peman avans CTC yo.

IRS la te ankouraje tout fanmi ki poko ap resevwa peman yo epi ki pa gen egzijans pou yo depoze yon deklarasyon taks, pou yo eksplore zouti yo ki disponib atravè IRS.gov. Zouti sa yo kapab ede detèmine elijibilite pou CTC avans yo oswa ede yo depoze yo deklarasyon taks ki senplifye pou yo enskri pou peman sa yo ansanm avèk Peman Enpak Ekonomik ak Kredi Ranbousman Rekiperasyon an.

Dat limit pou enskri an se 15 novanm 2021. Moun yo kapab jwenn avantaj sa yo, menm si yo p ap travay epi menm si yo pa genyen okenn revni.

Fanmi ki enskri yo ap resevwa nòmalman, mwatye total Kredi Enpo pou Timoun yo a 15 desanm. Sa vle di, yon peman jiska 1 800 dola pou chak timoun ki genyen mwens pase 6 lane, epi jiska 1 500 dola pou chak timoun ki genyen soti 6 rive 17 lane.

Prepare ou pou deklare lòt ane

Nan kòmansman 2022 an, fanmi yo ap resevwa Lèt 6419 k ap genyen detay sou tout peman avans yo resevwa pandan 2021 an ak kantite timoun kalifye yo itilize pou kalkile peman avans yo. Lèt sa a kapab ede yo byen rekonsilye peman CTC yo te resevwa yo epi reklame tout pati CTC ki rete yo lè y ap ranpli deklarasyon taks sou revni federal 2021 yo a lòt ane.

Fonksyonalite chanjman nan revni an rantre nan kad inivasyon yon seri sèvis ki disponib atravè CTC UP a. Pòtal la, ki disponib sèlman sou IRS.gov, pèmèt fanmi yo verifye elijibilite yo pou peman yo epi, si yo chwazi:

  • Soti nan resevwa papye chèk pou resevwa depo dirèk;
  • Chanje kont yo resevwa peman depo dirèk yo;
  • Aktyalize adrès yo oswa
  • Kanpe peman mansyèl yo pou rès 2021 an.

Dènye enfòmasyon ki disponib sou IRS.gov

IRS la kreye yon paj Avans Kredi Enpo pou Timoun 2021 espesyal ki la pou l bay dènye enfòmasyon sou kredi a ak peman avans yo. Li sou IRS.gov/childtaxcredit2021.

Ajans lan ankouraje patnè yo ak gwoup kominotè yo pou yo pataje enfòmasyon yo epi itilize zouti anliy ki disponib yo ak kit zouti yo pou ede non deklaran yo, fanmi ki gen ti revni yo ak lòt gwoup defavorize yo enskri. Moun yo kapab verifye elijibilite avèk Asistan Elijibilite pou avans Kredi Enpo pou Timoun nan.

Paj wèb la afiche yon seri kesyon yo poze souvan ak yon gid itilizatè pou Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan (Piblikasyon 5549) (an anglè)PDF. Li bay lyen dirèk sou pòtal la tou, ansanm avèk de (2) lòt zouti anliy – Zouti Enskripsyon Non Deklaran an ak Asistan Elijibilite pou Kredi Enpo pou Timoun nan – ak lòt resous ki itil.