Verifye montan prelèvman enpo ou kounye a pou evite peye l chak trimès alavni

IR-2023-10, 19 janvye 2023

WASHINGTON – Sèvis Revni Entèn ap raple kontribiyab yo ki touche yon salè pou yo itilize zouti estimatè prelèvman enpo (an anglè) la kounye a pou yo ajiste prelèvman 2023 yo. Pafwa sitiyasyon fiskal moun yo chanje akoz maryaj oswa divòs, Si yo vin gen timoun oswa si youn nan yo ap chaje kay pou kont li. Verifye kounye a epi fè tout ajisteman ki nesesè yo nan kòmansman ane a ka ede yo evite peye enpo chak trimès.

Zouti sou Entènèt la ki rele Estimatè Prelèvman Enpo (Tax Withholding Estimator) a kapab ede kontribyab yo wè si yo ka jwenn yon ranbousman oswa si yo bezwen fè yon pèman dirèkteman nan IRS pou evite yon bòdwo fiskal ak penalite sou ane pwochèn.

Enpo sou revni yo se enpo ki repati yo ye (an anglè) e yo peye yo nòmalman pandan ane a chak lè kontribiyab yo touche atravè prelèvman ki fèt nan chèk yo, pèman pansyon, avantaj Sekirite Sosyal, oswa kèk lòt pèman gouvènman an bay.

Gen yon dezyèm travay oswa yon revni ki pa salè ki soti nan chomaj, nan travay ak tèt ou, revni anwite, ekonomi ti travay, oswa aktif nimerik ka fè kontribyab yo nan obligasyon peye enpo estime yo chak trimès pou evite yon balans ki di yo dwe lè yo deklare enpo yo.

Anplis, plizyè tranzaksyon finansye, sitou nan fen ane a, ka gen yon enpak fiskal yo pat espere. Nan egzanp yo w ap jwenn bonis fen ane ak vakans, dividann sou fòm aksyon, distribisyon pwofi sou kapital ki soti nan fon mityèl ak aksyon, obligasyon, lajan vityèl, byen imobilye oswa lòt machandiz yo vann pou pwofi.

Estimatè Prelèvman Enpo

Estimatè Prelèvman Enpo a, ki disponib tou nan lang panyòl, ka ede anplwaye yo wè si yo gen twòp oswa twò piti enpo yo pran sou yo. Kontribiyab yo ka sèvi ak estimasyon an pou yo chanje valè lajan yo pran sou yo epi bay yon nouvo Fòm W-4, Sètifika Prelèvman Anplwaye, bay patwon yo. Zouti sa a ofri moun ki touche yon salè yo yon èd etap pa etap nan ajiste montan enpo sou revni yo ta dwe pran nan salè yo.

Fè yon pèman enpo

Fason ki pi rapid e pi fasil pou peye enpo estime ou se lè w fè l elektwonikman ak sèvis IRS Peman Dirèk la oubyen Sistèm Peman Enpo Federal Elektwonik (EFTPS) ki se pwopriyete Depatman Trezò an. Pou plis enfòmasyon sou lòt opsyon pèman yo, vizite paj entènèt Peye Anliy. Si w ap peye pa chèk, asire w ke w mete chèk lan sou non "United States Treasury".

Lòt bagay ki ka afekte enpo 2023 a

Kèk evènman lavi tankou enprevi ka fè yo bezwen fè yon ajisteman ou prelèvman yo. Men kèk zouti pou ede kontribiyab yo konnen ki jan yo ka fè ajisteman yo apati diferan senaryo:

Pou plis enfòmasyon: