Kont ABLE: yon bon solisyon finansyè pou moun ki gen andikap yo

Konsèy sou Taks 2021-148, 6 Oktòb 2021

Kont Akonpli yon Pi Bèl Eksperyans Lavi oswa ABLE yo (an anglè) se kont epay ki gen avantaj enpo pou moun ki gen andikap yo ak fanmi yo. Kont sa yo ap ede moun ki gen andikap yo peye depans ki gen rapò ak andikap yo san afekte kalifikasyon yo pou pwogram asistans gouvènman yo.

Men kèk bagay enpòtan moun yo ta dwe konnen konsènan kont sa yo.

Limit kontribisyon anyèl

  • Limit 2021 an se $15,000.
  • Kèk resipyandè kont ABLE ki se anplwaye ka fè yon kontribisyon anyèl jiska pi piti nan montan sa yo:
    • Konpansasyon resipyandè yo deziyen an pou ane fiskal la.
    • Sèy povrete pou fwaye ki gen yon moun. Pou 2021 an, montan sa a se $12,880 nan zòn kontinantal Etazini an, $16,090 nan Alaska epi $14,820 nan Hawaii. 

Kredi epay

  • Resipyandè kont ABLE yo deziyen yo ka elijib pou reklame kredi epay la pou yon pousantaj nan kontribisyon yo a. 
  • Resipyandè a ap reklame kredi a nan Fòm 8880, Kredi pou Kontribisyon nan Epay Retrèt Kalifye (an anglè) PDF. Kredi epay se yon kredi ki pa ranbousab ki disponib pou moun ki reponn ak twa (3) egzijans sa yo:
    • Genyen pou pi piti 18 lane nan fen ane taksab la
    • Pa yon depandan oswa yon etidyan a tanplen
    • Reponn ak egzijans revni yo

Refinansman ak transfè nan plan seksyon 529 yo

  • Fanmi yo ka refinanse fon ki soti nan yon plan 529 nan kont ABLE yon lòt manm fanmi. 
  • Kont ABLE la dwe pou menm resipyandè a menm jan ak kont 529 la oswa pou yon manm nan menm fanmi an menm jan ak resipyandè kont 529 la. Yo pran an konsiderasyon refinansman ki soti nan plan seksyon 529 la nan kalkil limit kontribisyon anyèl la. Pa egzanp, paran k ap kontribye $10,000 nan kont ABLE timoun yo epi k ap refinanse $5,000 soti nan yon plan 529 pou ale nan menm kont ABLE la ap respekte limit kontribisyon anyèl $15,000 a.

Depans pou andikap ki kalifye

  • Eta yo kapab ofri kont ABLE pou ede moun ki vin gen andikap anvan yo genyen 26 lane yo oswa ede fanmi yo peye pou depans pou andikap yo. Depans sa yo gen ladan yo lojman, edikasyon, transpò, sante, prevansyon ak byennèt, fòmasyon pou travay ak sipò, sèvis teknoloji asistans ak sipò pèsonèl.
  • Malgre kontribisyon yo pa dediksyon enpo federal sou yo, distribisyon yo, ansanm avèk lajan ki antre yo, pa gen taks sou yo, pou resipyandè a, si yo konn peye pou depans pou andikap ki kalifye yo. 

Plis Enfòmasyon: