Kontribyab ki benefisye pwolongasyon pou depo taks 2021 yo pa gen dwa pa verifye avantaj fiskal enpòtan sa yo

IR-2022-153, 18 dawout 2022

WASHINGTON - Sèvis Revni Entèn raple kontribyab yo ki poko fè deklarasyon taks sou revni federal 2021 yo pou yo asire yo pwofite de dediksyon ak kredi yo ki revyen yo de dwa epi pou yo fè deklarasyon elektwonik pi vit posib.

Komisyonè IRS Chuck Rettig fè konnen “Chak ane, kontribyab yo ki elijib yo konn neglije dediksyon ekonomi lajan ak kredi yo ki kapab ede yo ak depans pou fè edikasyon timoun, pran swen timoun, peye lekòl, fè ekonomi pou retrèt oswa fè don pou charite,”  “Nou vle asire nou yo okouran de tout avantaj fiskal yo gendwa kalifye pou benefisye yo.”

Ane sa a, IRS la te resevwa anviwon 19 milyon demand pou ekstansyon pou fè deklarasyon jiska 17 oktòb. Moun ki kalifye yo kapab prepare epi reyalize deklarasyon taks yo gratis Deklarasyon Gratis IRS. Fè deklarasyon elektwonik epi chwazi depo dirèk sa gendwa ede kontribyab yo resevwa ranbousman yo pi rapid. Si yo ta dwe, voye peye tout dèt taks la okonplè gendwa anpeeche yo peye enterè adisyonèl ak penalite. Pa gen penalite poutèt ou pa fè deklarasyon si nou ta dwe kontribyab la yon ranbousman.
Gen konsèy sou deklarasyon ki disponib sou IRS.gov pou kontribyab ki poko fè deklarasyon taks 2021 yo a (an anglè).

Kontribyab yo ta dwe konsidere avantaj fiskal sa yo lè y ap fè deklarasyon taks yo a:

  • Kredi Taks sou Revni ou Rantre: Fanmiy ak travayè ki gen ti revni oswa revni modere gendwa gen yon poz fiskal.
     
  • Kredi Enpo pou Timoun: Fanmi yo kapab reklame kredi sa a, menm si yo ta resevwa yon avans pèman mansyèl pandan dènye mwatye 2021 an.
     
  • Kredi Swen pou Depandan ak Timoun (an anglè): Fanmiy ki depanse pou okipe timoun ki kalifye yo pou yo kapab ale travay oswa al chache travay gendwa resevwa yon kredi taks ki evalye a 4000 dola pou yon timoun ki kalifye oswa 8000 dola pou de (2) oswa plis timoun ki kalifye.
     
  • Kredi Ranbousman Rekiperasyon (RRC): Moun ki te rate twazyèm tranch peman enpak ekonomik (IEIP3) a, sa yo rele tou peman estimilis yo, gendwa elijib pou reklame RRC. Kredi sa a kapab ede moun ki elijib yo ki te gen yon EIP3 ki te pi piti pase montan konplè a, sa gen nan li tou moun ki te akeyi yon timoun an 2021 an.
     
  • Dediksyon pou kado pou charite: Majorite kontribyab yo ki pran dediksyon estanda a gendwa dedwi kontribisyon lajan likid ki elijib yo te fè pou charite an 2021. Koup ki marye ki fè deklarasyon konjwen gendwa dedwi 600 dola nan don ki fèt ak lajan likid epi kontribyab endividyèl yo kapab dedwi 300 dola nan don yo te fè. Anplis de sa, detayan ki fè gwo don lajan likid yo souvan kalifye pou yo dedwi tount montan an okonplè nan 2021 an.
     
  • Kredi Taks Opòtinite Ameriken ak Kredi Aprantisaj pou Lavi a (an anglè): Kredi taks pou edikasyon siperyè kapab edekonpanse frè inivèsite ak lòt depans lè yo redwi montan taks ki dwe nan deklarasyon tak la.
     
  • Kredi pou Kotizasyon Epay Retrèt (Kredi Epay): Gen yon kredi taks disponib pou fè kontribisyon ki kalifye nan yon kont retrèt pèsonèl oswa yon plan retrèt patwon-patwone.

Rapèl itil

IRS la ankouraje kontribyab yo pou yo asire yo gen tout deklarasyon fendane yo nan men yo anvan menm yo fè deklarasyon 2021 yo a. Akote W-2s ak 1099s, sa gen ladan de (2) deklarasyon IRS pibliye – Lèt 6419 (an anglè), afiche montan total avans peman kredi taks pou tiimoun nan Lèt 6475 (an anglè), montre montan total pèman EIP3 yo.

Patikilye yo kapab itilize Kont Anliy IRS yo pou yo kapab wè montan total twazyèm tranch Pèman Enpak Ekonomik lan oswa Pèman avans Kredi Enpo pou Timoun nan. Moun ki marye ki resevwa pèman konjwen ap gen pou yo monte sou kont pèsonèl yo separeman pou yo kapab verifye montan vin pou yo chak la.

Kontribyab yo kapab jwenn repons kesyon yo, fòm ak enstriksyon yo, ak zouti ki fasil pou itilize sou sit IRS.gov la. Yo kapab itilize resous sa yo pou resevwa èd lè yo gen bezwen lakay yo, nan travay oswa nan deplasman yoi.

Ajiste prelèvman 2022 a kounyeya pou evite sipriz fiskal yo lòt ane

Sezon lete se yon gwo peryòd pou kontribyab yo verifye prelèvman 2022 yo epi evite yon sipriz fiskal nan pwochen sezon deklarasyon an. Evennman lavi yo tankou maryaj, divòs, fè yon timoun, oswa yon chanjman nan revni, yo tout ka afekte taks yo. Lè nou pa fè ase prelèvman, sa gendwa lakòz bòdwo taks oswa penalite. Lè prelèvman yo depase, sa kapap anpeche kontribyab la itilize lajan li jiskaske li resevwa ranbousman li an 2023.

Estimatè Prelèvman Taks IRS la ki sou IRS.gov ede anplwaye yo evalye enpo sou revni yo, kredi yo, ajisteman yo ak dediksyon yo epi detèmine si yo bezwen chanje prelèvman yo a. Si gen yon chanjman ki nesesè, estimatè a ap bay enstriksyon sou fason pou fè mizajou prelèvman yo ak anplwayè yo, oswa anliy lè yo soumèt yon nouvo Fòm W-4, Sètifika Alokasyon Prelèvman Anplwaye a.

Jwenn yon Sant Asistans pou Kontribyab

Zouti Lokalizatè Sant Asistans pou Konttribyab la gen ladann yon nouvo aparans ak tèm, gen yon fonksyon kat ki dinamik, yon bouton direksyon ak de lòt kazye pou rantre kritè rechèch la. Li enpòtan pou ou sonje Sant Asistans Kontribyab la fonksyone sou randevou sèlman. Kontribyab la sipoze sone nimewo biwo li vle vizite a pou li pran yon randevou.

Li enfòmasyon yo nan lòt lang yo

Anpil paj (an anglè) sou IRS.gov disponib kounya an Panyòl, Vyetnamyen, Ris, Koreyen, Kreyòl Ayisyen ak Chinwa. Kèk nan resous miltileng yo gen nan yo resous pou Deklarasyon dwa kontribyab yoDeklarasyon elektwonik  ak plizyè Fòm taks ak pilblikasyon (an anglè).