13.9 milyon Ameriken gen pou resevwa enterè sou ranbousman taks IRS la; pèman taksab ap an mwayèn $18 dola

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

IR-2020-183, 18 Dawou 2020

WACHINGTONN — Nan semèn sa a, Ministè Finans ansanm ak Sèvis Revni Entèn ap voye kòb enterè sou lajan ranbousman bay anviwon 13.9 milyon kontribyab taks endividyèl ki te fè deklarasyon taks 2019 yo a atan epi yo gen pou jwenn ranbousman.

Pèman enterè sa yo, ki vo an mwayèn $18, pral jwenn kontribyab taks endividyèl ki te fè deklarasyon taks 2019 yo a epi ki te respekte dat limit 15 Jiyè a, swa ki te resevwa yon ranbousman pandan twa dènye mwa yo oswa ki gen pou resevwa yon ranbousman. Pi fò pèman enterè yo ap rive nan chèk separe ki pa menm chèk ak chèk ranbousman taks la.

Nan majorite ka yo, kontribyab taks ki te resevwa ranbousman yo a nan depo dirèk ap gen pou wè yo fè depo dirèk ak kòb enterè yo a nan menm kont lan. Anviwon 12 milyon nan pèman sa yo ap fèt atravè depo dirèk.

Tout lòt moun ap resevwa yon chèk. Ap genyen non notasyon sou chèk la k ap di "INT Amount" ("Kòb Enterè") − se ka k ap idantifye pou di li se enterè pèman ranbousman an epi l ap tou endike kantite kòb enterè a ye.

Daprè lalwa, pèman enterè sa yo taksab, kidonk kontribyab taks ki resevwa yo a dwe rapòte enterè a nan deklarasyon taks federal yo pou ane 2020 an lè yo fè deklarasyon yo nan ane k ap vini an. Nan mwa Janvye 2021, IRS gen pou l voye yon Fòmilè 1099-INT (an anglè) bay chak moun ki te resevwa yon kòb enterè ki $10 dola oubyen plis.

Pwovizyon sa a diferan ak lwa 45 jou ki la byen lontan an ki nòmalman mande IRS pou l ajoute enterè nan ranbousman moun ki te deklare pou pi plis pase 45 jou aprè dat deklarasyon an te dwe fèt la.

Olye sa, poutèt COVID-19 la, dat 15 Jiyè a vin tounen dènye jou pou deklarasyon an fèt la; sa fè yo konsidere l tankou yon dat limit ajoune sou baz dezas. Kote yon ajounman pou kòz desas egziste, IRS anba obligasyon, daprè lalwa, pou l peye enterè ki kalkile depi soti sou dat orijinal 15 avril la, depi kontribyab la te soumèt deklarasyon taks 2019 li a nan limit dat ajounman an - ki se 15 Jiyè 2020, pou ka sa a. Obligasyon pou peye enterè ranbousman an ap mache pou moun ki deklare taks sou revni − biznis pa ladann.

Yo peye enterè yo selon to enterè legal yo ajiste pou chak twa mwa. To a pou dezyèm trimès (an anglè) la ki fini nan dat 30 Jen an se te 5%, epi enterè konpoze chak jou. Depi soti premye Jiyè, to a pou twazyèm trimès (an anglè) la desann a 3%, ki konpoze chak jou.

Kote kalkil la kouvri plizyè trimès, yon bann to melanje ansanm, selon kantite jou ki tonbe nan chak trimès kalandriye a. Pa gen okenn enterè ki ap bay sou ranbousman ki te fèt anvan dat limit 15 Avril la.

Ale sou IRS.gov pou w ka jwenn plis enfòmasyon