Sèvis Defansè Kontribyab la se yon òganizasyon endepandan nan IRS e se vwa w nan IRS. Travay nou se asire n yo trete chak kontribyab san patipri, epi w konnen ak konprann dwa w antanke yon kontribyab (an anglè). Nou ofri èd gratis pou gide w nan pwosesis rezoud pwoblèm enpo w pa kapab rezoud poukont ou, ki souvan chaje ak konfizyon. Sonje byen, pi move bagay ou ka fè se pa fè anyen ditou.

TAS ka ede w si w pa ka rezoud pwoblèm ou ak IRS epi:

  • Pwoblèm ou an lakòz difikilte finansye pou ou, pou fanmi w oswa pou biznis ou.
  • W ap fè fas (oswa biznis ou ap fè fas a) ak yon menas imedyat aksyon defavorab.
  • Ou te eseye kontakte IRS plizyè fwa men pèsonn pa reponn ou, oswa IRS pa reponn nan dat yo te pwomèt la.

Chak eta gen omwen yon Defansè Kontribyab Lokal ki endepandan de biwo IRS lokal la epi ki rapòte dirèkteman bay Defansè Nasyonal Kontribyab la. Chwazi eta ou anba l la pou w jwenn nimewo telefòn ak adrès biwo Sèvis Defansè Kontribayb ki pi pre w la.

Èske w ap viv aletranje?

Kounye a kontribyab entènasyonal yo pral kontakte TAS nan +15.15.56.GO.TAS/+15.15.56.46.827 oswa pa imel nan tas.international@irs.gov. Liy la pwograme pou l dirije otomatikman moun ki rele a Hawaii oswa Pòtoriko selon peyi orijin moun kap rele a.

 

Name & Address Contact Office Information Directions

Taxpayer Advocate Service Office: Anchorage, AK

949 E. 36 Ave.
Stop A-405
Anchorage, AK 99508
United States

  • Phone
    907-921-6880
  • Fax
    855-819-5022
  • Email
    tas.ak.anchorage@irs.gov

Ou kapab rele Sèvis Defans Kontribyab la tou gratis nan 877-777-4778, oswa ranpli Fòm 911, Demann pou Asistans Sèvis Defans Kontribyab la (an Anglè) PDF, epi voye li nan faks oswa lapòs nan adrès yo bay la.

Get directions

 

Si w kalifye pou èd nou, n ap fè tout sa nou kapab pou rezoud pwoblèm ou an. Y ap ba w yon defansè k ap la avèk ou chak fwa.