Sant Asistans Kontribyab IRS ki bay sèvis ITIN | Internal Revenue Service

Sant Asistans Kontribyab IRS ki bay sèvis ITIN

Ou ka jwenn èd pou aplikasyon w pou yon nimewo idantifikasyon kontribyab (ITIN) nan kèk Sant Asistans Kontribyab IRS.
Yon Sant Asistans Kontribyab ki bay sèvis ITIN ka:      

  • Egzamine aplikasyon konplè Fòm W-7 ou a
  • Valide pifò dokiman sipò* (an anglè)
  • Remèt dokiman ki pa valide yo nan fen randevou a
  • Poste  Pake aplikasyon ITIN ou a pou yo trete l

*Sant Asistans Kontribyab yo ka valide tout dokiman pou aplikan ITIN ki vini an pèsòn, eksepte dokiman lekòl ak dosye medikal pou depandan. Yo dwe poste yo ansanm avèk pake aplikasyon ITIN nan.

Jwenn yon Sant Asistans Kontribyab ki bay sèvis ITIN

Sa ou bezwen

  • Rele nan 844-545-5640 pou yon randevou. Sa ka pran plizyè seen anvan jwenn youn.
  • Vini avèk Pake aplikasyon ITIN ou a.
  • Fanmi: Chak konjwen oswa depandan ki aplike pou yon ITIN dwe vini an pèsòn ansanm avèk pake aplikasyon ITIN pa li.

Lòt fason pou w aplike an pèsòn pou yon ITIN