Peye apati kont labank ou
Peye kounye a oswa pwograme peman yo jiska yon ane alavans. Kounye a n ap aksepte peman sou fòm adisyonèl yo.
Kat debi, kat kredi oswa bous dijital
Pou patikilye yo ak biznis yo. Frè pou tretman yo aplikab. Pa pou pewòl enpo yo.
Peye apati kont IRS ou
Konekte oswa kreye yon kont pou peye kounye a oswa pwograme yon peman.
Kont Anliy Pèsonèl
- Peye balans ou dwe, plan peman ou, estimasyon taks ou ak plis ankò
- Gade kantite lajan ou dwe, detay plan peman, istorik peman ak peman pwograme yo
- Aksepte peman pou fòm IRS ki pi kouran yo
Kont Taks Bisnis yo
- Fè peman taks federal yo
- Fè peman balans ou dwe yo
- Gade istorik peman
Sistèm Peman Enpo Federal Elektwonik lan (EFTPS)
- Anrejistreman obligatwa pou sèvi ak opsyon sa
- Fè peman apati kont labank ou
- Fè depo taks, paye estimasyon taks yo, Òf nan Konpwomi (OIC) oswa lòt kalite pèman
Lòt fason ou ka peye
- Transfè bankè-menm jou (an anglè) — Frè labank ka aplike
- Chèk oswa manda lajan — Atravè lapòs Etazini
- Kach — Atravè yon patnè detayan ak lòt metòd
- Retrè fon elektwonik (an anglè) — Pandan deklaraston elektwonik sèlman
Bezwen plis tan pou peye?
Ou ka evite penalite yo. Deklare epi peye taks ou nan dat limit la (an anglè).
Si ou pa ka peye sa ou dwe, ou gen opsyon.
Aplike pou yon plan peman
Pou patikilye ak biznis. Aplike pou peye balans ou avèk le tan pa mwayen yon plan peman (akò vèsman). Frè aplike.
Jwenn detay sou kalite plan peman (an anglè): senplifye, rasyonalize, garanti ak akò peman an pati, nan fon fidisi biznis.
Pwopozisyon konpwomi
Tcheke si ou ka rezoud dèt ou pou mwens pase sa ou dwe ak yon pwopozisyon konpwomi.
Jwenn plis opsyon pou jwenn èd ak dèt taks.
Si w ap fè fas a difikilte finansye, ou ka kalifye pou mande yon reta tanporè nan koleksyon (an anglè) jiskaske finans ou amelyore.