Kont anliy pou moun | Internal Revenue Service

Kont anliy pou moun

Aksede a enfòmasyon sou kont endividyèl ou, tankou balans, pèman, dosye fiskal, ak plis ankò.

Konekte sou kont anliy ou

Si ou se yon nouvo itilizatè, prepare foto idantite w. W ap jwenn plis enfòmasyon sou verifikasyon idantite disponib sou paj koneksyon an.

Aksè dosye enpo

  • Gade done kle ki soti nan dènye deklarasyon enpo w te ranpli, ki gen ladan revni brit ajiste w, epi jwenn aksè nan relve fiskal yo
  • Tcheke ranbousman w
  • Gade kopi dijital avi ki soti nan IRS
  • Gade estati odit ou a (kounyea se estati kèk odit ki fèt pa korespondans ki diisponib)

Fè epi gade pèman yo

  • Fè yon pèman apati kont labank ou
  • Gade istorik pou jiska 5 lane pèman, ansanm ak pèman enpo estime ou yo
  • Pwograme epi anile peman nan lavni
  • Gade pèman ki ankou ak sa ki pwograme pou fèt yo

Gade oswa kreye plan pèman

  • Aprann sou opsyon plan pèman yo epi aplike pou yon nouvo plan pèman
  • Gade epi chanje detay plan pèman w te deja genyen an
  • Kreye yon plan peman pou montan ou panse w ap dwe pou ane sa a

Gade balans ou

  • Gade montan ou dwe ak repatisyon pa ane fiskal

Jere preferans nan pwofil ou

  • Evite resevwa yon seri avi sou fòma enprime
  • Jwenn mesaj imèl pou nouvo avi yo
  • Mande yon PIN (IP PIN) Pwoteksyon Idantite

Gade otorizasyon pwofesyonèl taks yo

  • Gade tout demann otorizasyon pwofesyonèl taks yo
  • Apwouve epi siyen Delegasyon Pouvwa ak Otorizasyon pou Enfòmasyon sou Taks pwofesyonèl taks ou a ak siyati elektwonik.

Aksesiblite

Gen pwoblèm konpatiblite avèk teknoloji pou asistans yo. Ale nan gid aksesiblite (an anglè) a pou ou jwenn èd si w ap itilize yon lektè ekran, yon loup oswa yon lojisyèl a kòmann vokal.

Lòt fason pou w jwenn enfòmasyon sou kont ou