Poukisa kontribyab yo dwe depoze dirèkteman ranbousman taks yo

Konsèy Fiskal IRS 2022-14, 26 Janvye, 2022

Pandan sezon deklarasyon 2022 a kòmanse, IRS ankouraje kontribyab yo deklare an vèsyon elektwonik kou yo pare epi chwazi depo dirèk pou jwenn ranbousman yo. Depo dirèk se mwayen ki sekirize ak apworiye pou resevwa ranbousman taks.

Men kèk lòt benefis nan chwa depo dirèk IRS:

Kontribyab yo dwe depoze ranbousman an sou kont bank Ozetazini ki sou non yo, sou non konjwen yo oubyen sou non yo toulède. Yo dwe evite fè depo sou kont lòt moun posede. Gen bank ki egzije pou non toulède konjwen yo sou kont lan pou depoze ranbousman taks la pou yon deklarasyon kolektif. Kontribyab yo dwe verifye ak bank yo apwopo reglèman yo sou depo dirèk.

Anrejistre labank

Kontribyab ki pa gen yon kont an bank ka vizit sit entènèt FDIC (an anglè) pou enfòmasyon sou bank ki otorize yo ouvri yon kont anliy epi ki jan pou yo chwazi kont ki apwopriye a. Veteran yo ka itilize Pwogram Bankè pou Veteran yo (an anglè) pou aksede a sèvis finansye nan bank k ap patisipe yo. Preparatè taks yo ka ofri tou opsyon pèman elektwonik.

Aplikasyon mobil ka yon opsyon

Kèk aplikasyon mobil ak kat debi prepeye otorize depo dirèk ranbousman taks. Yo dwe gen wouting ak nimewo asosye ak yo k ap pèmèt antre deklarasyon taks. Kontribyab yo dwe verifye ak founisè aplikasyon mobil yooubyen enstitisyon fininasye yo pou konfime ki nimewo pou itilize.

Kontribyab yo dwe genyen wouting yo ak nimewo kont yo pou depo dirèk disponib lè yo pare pou ranpli. IRS pa p aksepte enfòmasyon sa a lè deklarasyon an fin ranpli.

Genyen yon limit (an anglè) twa (3) depo ranbousman dirèk pou reyalize pou yon sèl kont finansye oubyen kat debi prepeye.

Plis enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an angle)