Lè yon lèt IRS rive, kontribyab yo pa bezwen panike, men yo bezwen li lèt la

Konsèy Fiskal IRS 2023-55, 24 avril 2023

Resevwa yon lèt ki soti nan IRS ka rann kèk kontribyab ajite – men pa gen rezon pou panike. IRS la voye avi ak lèt lè li bezwen poze yon kesyon sou deklarasyon enpo yon kontribyab, enfòme yo de yon chanjman nan kont yo oswa mande yon peman.

Lè ou fin resevwa yon lèt oswa yon avi IRS la voye ba ou pa lapòs, men sa kontribyab yo ta dwe fè:

Pran san ou pou ou li lèt la. Pifò lèt ak avi IRS yo se konsènan deklarasyon enpo federal ak kont fiskal yo. Chak avi trete yon pwoblèm espesifik epi li gen ladan tout etap kontribyab la bezwen pran. Yon avi gendwa fè kontribyab la konnen chanjman ki fèt sou kont fiskal li, enpo li dwe, yon rekèt peman oswa yon pwoblèm espesifik nan yon deklarasyon enpo. Lè ou poze aksyon rapid ou gendwa minimize risk ki genyen pou ou ta peye enterè oswa penalite.

Revize enfòmasyon an. Si lèt la ta pale de deklarasyon enpo ki chanje oswa korije, kontribyab la sipoze revize enfòmasyon an epi konpare li ak deklarasyon orijinal la. Si kontribyab la dakò, li sipoze note koreksyon an nan kopi deklarasyon enpo pèsonèl li epi sere li nan dosye li yo. Jeneralman, kontribyab la ap gen pou li poze aksyon sèlman si li pa ta dakò ak enfòmasyon an, si IRS la ta mande enfòmasyon adisyonèl, oswa si yo gen yon balans yo dwe.

Fè nenpòt sa yo mande, tankou fè yon peman. Se pa lapòs IRS la ak ajans prive ki kolekte dèt yo voye lèt yo. Kontribyab yo kapab wè tou kopi dijital kèk avi IRS yo chwazi lè yo konekte sou Kont Anliy IRS yo. IRS ofri plizyè opsyon (an anglè) pou ede kontribyab yo ki gen difikilte pou peye yon bòdwo enpo.

Reponn sèlman si yo mande pou ou fè sa. Kontribyab yo p ap bezwen reponn yon avi sof si yo ta mande li pou li fè sa. Jeneralman, pa gen okenn nesesite pou ou ta rele IRS la. Si kontribyab la ta gen nesesite pou sone IRS, li sipoze sone sou nimewo ki nan kwen anlè adwat avi a, epi li sipoze gen yon kopi deklarasyon enpo li ak lèt li nan men li.

Fè IRS la konnen lè ou gen pwoblèm ak yon avi. Si yon kontribyab pa dakò ak IRS la, yo ta dwe swiv enstriksyon ki nan avi a pou diskite sou sa avi a di. Kontribyab la sipoze enkli enfòmasyon ak dokiman pou IRS la ka verifye lè li ap etidye pwoblèm nan.

Sere lèt la oswa avi a pou dosye yo a. Kontribyab yo sipoze sere avi oswa lèt yo resevwa nan men IRS la. Sa yo gen ladan avi ajisteman yo lè IRS la fè yon bagay sou kont kontribyab la. Kontribyab yo sipoze konsève done yo pandan twa (3) lane apati dat yo te fè deklarasyon enpo a.

Siveye anak yo. IRS la p ap jan janm itilize rezo sosyal yo oswa mesaj tèks pou li kontakte kontribyab yo. Lè IRS la ap antre an kontak ak ou pou lapremyè fwa, li souvan fè sa pa lapòs. Kontribyab k ap mande tèt yo si yo dwe IRS la lajan kapab gade enfòmasyon sou kont fiskal yo sou IRS.gov.

Plis enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)