Kisa dwa a enfòmasyon an vle di pou kontribyab yo

Konsèy Fiskal IRS 2023-14, 6 Fevriye 2023

Livrè Deklarasyon Dwa Kontribyab yo se yon baz misyon IRS ki mete aksan sou 10 dwa fondamantal kontribyab yo genyen lè yo ap travay ak IRS. Tout kontribyab sipoze familyarize yo ak dwa sa yo.

Sa se yon pati nan seri konsèy sou Deklarasyon Dwa Kontribyab la. Chak mwa, Konsèy Fiskal ap analize youn nan dwa ki prezante nan 10 kategori ki nan lis la.

An nou kòmanse anlè ak premye dwe kontribyab la. Kontribyab yo gen dwa pou yo konnen kisa yo gen pou yo fè pou yo an règ ak lwa fiskal yo. Yo konn sa tou kòm dwa a enfòmasyon.

Dwa a enfòmasyon an vle di ke kontribyab yo gen dwa pou:

  • Konnen epi konprann kisa yo gen pou yo fè pou yo konfòme yo ak lwa fiskal yo.
  • Pou yo jwenn eksplikasyon ki klè sou lwa yo ak pwosedi IRS yo ki nan tout fòmilè, enstriksyon, piblikasyon, avi ak korespondans yo.
  • Resevwa enfòmasyon sou dezisyon IRS yo konsènan kont enpo yo.
  • Resevwa enfòmasyon ki klè sou konsekans desizyon IRS yo.

Pou asire yo ke kontribyab enfòme, IRS la ap:

  • Mete nan kèk avi tout montan nan enpo, enterè ak kèk penalite kontribyab la dwe.
  • Eksplike poukisa kontribyab la dwe tout balans li dwe.
  • Eksplike rezon espesifik sou refi yon reklamasyon ranbousman.
  • Poste enfòmasyon sou IRS.gov pou ede kontribyab yo konprann avi oswa lèt IRS yo a.
  • Voye yon lèt lè ajan lan fè yon evalyasyon. Lèt la dwe gen ladan li:
    • Enfòmasyon sou fason kontribyab yo ka konteste desizyon an.
    • Yon eksplikasyon sou tout pwosesis la soti nan odit rive nan koleksyon.
    • Detay sou ki jan Sèvis la Defans Kontribyab ka ede.
  • Voye yon deklarasyon anyèl bay kontribyab ki antre nan yon plan peman yo. Deklarasyon an ap gen ladan konbyen kontribyab la:
    • Dwe nan kòmansman ane a.
    • Peye pandan ane a.
    • Toujou gen dèt nan fen ane a.
  • Rann fòm ak piblikasyon (an anglè) yo disponib sou IRS.gov.
  • Sèvi ak medya sosyal (an anglè) pou bay enfòmasyon fiskal ki itil pou yon gwo odyans kontribyab.

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)