Sa kontribyab yo bezwen konnen apwopo itilize Estimatè Prelèvman Taks IRS la

Konsèy sou taks pou COVID 2021-98, 8 Jiyè 2021

Tout kontribyab yo ta dwe itilize Estimatè Prelèvman Taks pou verifye prelèvman yo. Zouti sa a ap ede fanmi yo rasire yo si anplwayè yo fè prelèvman bon montan enpo an sou chèk anplwaye yo. Travayè yo kapab itilize li, retrete yo tou, endividi ki patwon tèt yo ak lòt kontribyab yo. Lajan yo retire sou chèk yon anplwaye nan ane a dwe kouvri montan enpo yo dwe a.

Kontribyab yo kapab swiv etap senp sa yo pou yo itilize estimatè a. Rezilta yo ap gen yon rekòmandasyon k ap di si kontribyab la dwe anvizaje soumèt yon nouvo Fòm W-4, Sètifika Prelèvman Anplwaye a, bay nenpòt nan anplwayè yo.

Etap 1: Rasanble dokiman yo.

Anvan yo kòmanse, kontribyab yo ta dwe gen yon kopi dènye bilten salè ak deklarasyon enpo. Kontribyab yo dwe ale sou paj prensipal Estimatè Prelèvman Taks la sou IRS.gov. Depi yo rive la, yo dwe li avèk atansyon tout enfòmasyon yo epi klike sou bouton ble Estimatè Prelèvman Taks la.

Etap 2: Reponn kesyon yo.

Itilizatè yo ap reponn yon seri kesyon apwopo sitiyasyon fiskal espesifik yo. Lè yo konplete chak seksyon yo, yo klike sou bouton “Apre” (“Next”) ki ble a ki mennen yo nan seksyon annapre a.

Etap 3: Revize rezilta yo.

Kontribyab yo itilize rezilta estimatè a pou yo detèmine si yo bezwen konplete yon nouvo Fòm W-4, y ap soumèt bay anplwayè yo, se pa bay IRS la. Anpil anplwayè gen yon sistèm otomatize pou soumèt chanjman ki fèt nan Fòm W-4 yo. Anplwaye yo dwe verifye bò kote anplwayè yo pou wè si opsyon sa a disponib.

Zouti a ap ede itilizatè a sible montan enpo ki dwe ki tou pre zewo oswa yon montan ranbousman. Sila yo ki resevwa revni pansyon kapab itilize rezilta estimatè a pou konplete yon Fòm W-4P epi bay moun k ap peye a li.

Plis enfòmasyon:

  • Kòman pou Itilize Estimatè PrelèvmanIRS la pou Verifikasyon Chèk - YouTube (Demode)

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)