Sa yon moun dwe fè si li te rate dat limit 17 Me a pou deklare ak peye taks yo

Konsèy sou taks pou COVID 2021-69, May 18, 2021

Dat limit pou taks federal sou revni an pase pou majorite endividi kontribyab yo. Sepandan, kèk ladan yo pa t fè deklarasyon taks 2020 yo a ni peye taks yo dwe.

Si yo dwe yon kontribyab ranbousman, p ap gen sanksyon pou li si li deklare anreta. Nan lòt bò a, ap gen sanksyon ak enterè (an anglè) pou taks ki dwe e ki pa peye jiska 17 Me 2021.

Tout moun ki pa t deklare epi ki dwe taks, ta dwe fè yon deklarasyon osito posib epi peye otan yo kapab pou redui sanksyon yo ak enterè yo. Opsyon deklarasyon elektwonik yo, tankou Deklarasyon Gratis IRS, toujou disponib sou IRS.gov jiska 15 Oktòb 2021, pou prepare epi deklare pa mwayen elektwonik.

Donk, kontribyab yo dwe revize opsyon peman yo. IRS gen enfòmasyon pou kontribyab ki pa ka peye taks (an anglè) yo dwe yo.

Gen kontribyab ki ka gen tan adisyonèl pou fè deklarasyon taks yo epi peye tout taks yo dwe. Kategori sa gen ladan viktim dezas yo (an anglè), kontribyab k ap viv aletranje (an anglè), kèk manm sèvis militè, epi pèsonèl pou sipò ki kalifye nan zòn konba yo (an anglè).

Li enpòtan pou deklare bonè paske sanksyon pou taks ki pa peye pou deklarasyon anreta ak peman anreta ap ogmante rapid. Sepandan, nan kèk ka, yon kontribyab k ap deklare aprè dat limit la ka kalifye pou yon rediksyon sanksyon. Sila yo ki sou sanksyon yo kapab rele IRS nan nimewo ki sou avi yo a, pou eksplike rezon ki fè yo pa t ka deklare ak peye alè.

Kontribyab ki gen abitid deklare ak peye alè yo souvan kalifye pou rediksyon sanksyon administrativ yo. Jeneralman, yon kontribyab ranpli kondisyon yo, si li deklare epi peye alè pandan twa dèney ane yo, ak si li ranpli lòt kondisyon ankò. Kontribyap yo ap vizite paj rediksyon sanksyon pou premye fwa (an anglè) sou IRS.gov, pou detay yo.

Dat limit deklarasyon ak peman pou Eta a ka diferan parapò ak dat limit federal la. Yon lis sitwèb divizyon fiskal eta yo (an anglè) disponib bò kote Federasyon Administratè Fiskal yo.

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)