Sa moun yo dwe fè si twazyèm Pèman Enpak Ekonomik yo manke oswa pa kòrèk

Konsèy Fiskal COVID 2022-55, 11 avril 2022

An 2021, IRS la te bay plis pase 175 milyon twazyèm Pèman Enpak Ekonomik, ki te totalize plis pase 400 bilyon dola. Majorite moun kalifye yo te resevwa tout montan kredi yo a davans e yo pa bezwen mete okenn enfòmasyon konsènan pèman sa a lè yo fè deklarasyon taks 2021 yo a.

Jan lalwa ekzije sa, IRS la p ap bay twazyèm Pèman Enpak Ekonomik yo ankò. Moun k ap manke yon pèman relans oswa ki te resevwa mwens pase tout montan an ka kalifye pou yo reklame yon kredi ranbousman rekiperasyon nan deklarasyon taks federal 2021 yo a.

Pou yo reklame yon kredi ranbousman rekiperasyon, endividi yo ap bezwen montan twazyèm Pèman Enpak Ekonomik yo a.

Men kòman moun yo kapab wè si yo te voye yon twazyèm Pèman Enpak Ekonomik ba yo ak verifye montan an.

  • Endividi yo kapab verifye kont labank yo pou yo wè si yo te resevwa yon twazyèm pèman, ak tout pèman siplemantè, an avans ane pase.
  • Verifye Kont Anliy IRS yo. Pou endividi ki marye ki te resevwa yon pèman konjwen, chak konjwen ap bewen konekte sou pwòp Kont Anliy yo pou pòsyon pa yo a nan pèman an. Bouton Dosye Fiskal 2021 an ap montre montan total twazyèm pèman yo te resevwa ansanm avèk tout pèman siplemantè. Pèman siplemantè yo p ap afiche apa.
  • Revize Avi 1444-C oswa Lèt 6475, Pèman Enpak Ekonomik 2021 W lan (an anglè). Chak endividi ki marye k ap fè deklarasyon konjwen ap genyen yon lèt avèk pòsyon pa yo.

Sa endividi yo dwe fè si yo manke yon pèman.

Moun ki pat resevwa yon twazyèm pèman ta dwe kontakte IRS la osito posib pou yo wè si yon swivi pèman (an anglè) nesesè. Sa ka nesesè si Kont Anliy IRS yo a montre yon pèman yo pat resevwa oswa yo te resevwa yon avi oswa lèt ki di yo te voye yon pèman ba yo. Moun yo pa bezwen tann jiskaske swivi pèman yo a fini pou yo fè deklarasyon taks 2021 yo a. Yo kapab itilize enfòmasyon ki nan Avi 1444-C yo, Lèt 6475 oswa Kont Anliy yo pou yo deklare.

Si kalkil endividi a pa koresponn ak kalkil IRS la, ap gen reta nan tretman deklarasyon taks la. IRS la ap ajiste montan kredi ranbousman rekiperasyon an pou li koresponn ak done IRS yo epi endividi a ap resevwa yon avi k ap genyen yon nimewo telefòn pou yo rele si li pa dakò ak chanjman ki fèt nan deklarasyon taks la.

Si yon endividi pat resevwa yon twazyèm pèman oswa okenn enfòmasyon nan men IRS la, yo ta dwe verifye si yo kalifye (an anglè). Si yo kalifye, yo ka reklame kredi ranbousman rekiperasyon an nan deklarasyon 2021 yo a.

Kontribyab yo pa bezwen amande deklarasyon yo a si yo te fè erè nan kalkil montan kredi yo a.

Moun ki te reklame move montan kredi ranbousman rekiperasyon an pa bezwen fè yon deklarasyon amande. IRS la ap korije deklarasyon yo a epi l ap voye yon avi k ap genyen yon nimewo telefòn pou yo kontakte si yo pa dakò ak chanjman ki fèt nan deklarasyon taks la.

Plis enfòmasyon

Abòne ak Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)