Konprann dwa kontribyab yo: Chak kontribyab gen dwa pou yo gen vi prive yo

Konsèy Fiskal IRS 2022-127, 18 dawout 2022

Vi prive kontribyab ameriken yo primòdyal nan IRS la. Dwa pou gen vi prive se youn nan dis (10) dwa Deklarasyon Dwa Kontribyab la bay kontribyab yo.

Kontribyab yo gen dwa pou yo atann yo ak nenpòt ki ankèt, evalyasyon oswa egzekisyon mezi IRS yo ap fèt jan lalwa mande pou sa fèt la epi yo pap twò deranjan pase sa. Kontribyab yo kapab atann tou IRS la ap respekte tout dwa pou yon pwosedi nòmal, ansanm avèk pwoteksyon kont pèkizisyon ak sezi yo epi l ap bay yon odyans sou pwosedi nòmal pou rekiperasyon, lè sa nesesè.

Men kèk detay anplis konsènan kisa dwa yon kontribyab pou li gen vi prive l vle di:

  • IRS la pa kapab sezi yon seri objè pèsonèl, tankou liv lekòl, rad ak lèt lapòs yo pa livre.
  • IRS la pa kapab sezi yon rezidans pèsonèl san apwobasyon yon tribinal, epi ajans lan dwe montre pa gen lòt altènativ rezonab pou kolekte dèt fiskal la.
  • Pafwa, kontribyab yo soumèt òf pou règleman dèt fiskal yo ki gen pou wè sèlman ak kantite lajan yo dwe. Se sa yo rele ofisyèlman yon Dout sou Responsabilite Pwopozisyon nan Konpwomi an. Kontribyab ki fè òf sa pa bezwen soumèt okenn dokiman finans.
  • Pandan yon odit, si IRS la pa jwenn anyen rezonab ki montre yon kontribyab gen revni ki pa deklare, ajans lan pap chèche enfòmasyon anplis oswa ki biza sou mòd vi kontribyab la.
  • Yon kontribyab ka atann li mezi pou lakòlèk IRS yo pa twò deranjan pase sa. Pandan yon odyans sou pwosedi pou lakòlèk, Biwo Apèl la dwe jwenn yon ekilib ant atant sa, mezi pou rekiperasyon IRS la pwopoze a epi nesesite jeneral pou yon lakòlèk enpo efikas.

Plis enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)