Dapre Deklarasyon Dwa Kontribyab yo, tout kontribyab gen dwa ak finalite nan afè yo genyen ak IRS yo

Konsèy Fiskal pou COVID 2022-169, 3 novanm 2022

Dapre lalwa, kontribyab k ap entèraji ak IRS la genyen dwa ak finalite. Dwa sa aplike pou kontribyab ki nan yon odit. Kontribyab sa yo gen dwa pou yo konnen lè IRS fini odit la. Sa se youn nan 10 dwa fondamantal — tout moun konnen sou non Deklarasyon Dwa Kontribyab la.

Men sa kontribyab ki nan pwosesis yon odit ta dwe konnen sou dwa li genyen pou finalite:

  • Kontribyab yo genyen dwa pou yo konnen:
    • Kantite tan maksimòm yo genyen pou yo konteste pozisyon IRS la.
    • Kantite tan maksimòm IRS la genyen pou odit yon ane fiskal an patikilye oswa kolekte yon dèt fiskal. 
    • Lè IRS la fini ak yon odit.
       
  • Jeneralman, IRS la gen twa (3) ane apati dat kontribyab yo te fè deklarasyon enpo yo a pou li evalye tout enpo siplemantè pou ane fiskal sa.
     
  • Gen kèk eksepsyon limite pou prensip twa (3) lane a, pami yo, lè kontribyab pa fè deklarasyon yo pou yon ane byen presi oswa fè fo deklarasyon oswa deklarasyon fwod. Nan ka sa yo, IRS la genyen yon kantite tan san limit pou li evalye enpo pou ane fiskal sa.
     
  • Jeneralman, IRS la gen dis (10) zan apati dat evalyasyon an pou li kolekte dèt enpo yo. Peryòd 10 an sa pa kapab pwolonje, eksepte pou kontribyab ki antre nan plan vèsman yo, oswa IRS la resevwa desizyon lajistis.
     
  • Gen sikonstans kote peryòd 10 zan an ka sispann. Sa kapab rive lè IRS la pa kapab kolekte lajan akoz fayit kontribyab la oswa kontribyab la enplike nan yon pwosedi lakòlèk k ap fèt.
     
  • Yon avi ensifizans règlemantè se yon lèt ki pwopoze enpo siplemantè kontribyab la dwe peye. Avi sa dwe gen ladan dat limit pou depoze yon petisyon nan tribinal fiskal la pou konteste montan ki pwopoze a.
     
  • Jeneralman, yon kontribyab ap nan yon odit yon fwa nan ane a sèlman. Sepandan, IRS la gendwa reouvri yon odit pou yon ane ki pase, si IRS la twouve sa nesesè. Sa te ka rive, pa ekzanp, si yon kontribyab soumèt yon deklarasyon ki gen fwod.

Plis Enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)