Konsèy pou ede kontribyab yo asire yo don yo ale nan òganizasyon charite lejitim yo

Konsèy Fiskal IRS 2023-110, 12 Septanm 2023

Lè yon dezas frape, yo ka toujou konte sou Ameriken yo pou ede. Èd sa a vini nan plizyè fason, men souvan, fason ki pi fasil pou ede a se bay lajan nan òganizasyon charite yo.

Malerezman, kriminèl yo gen menm chans pou yo reponn apèl la apre yon dezas oswa yon ijans menm jan ak plizyè milyon moun ki louvri bous yo. Anakè yo mande don pou fo òganizasyon charite yo epi yo ka fè tèt yo pase pou anplwaye nan òganizasyon charite lejitim oswa ajans federal pou twonpe viktim dezas k ap eseye jwenn alèjman pou dezas.

Malgre kèk òganizasyon charite lejitim kontakte moun bridsoukou, moun yo ta dwe toujou mefyan ak kontak yo pa te mande.

Gen kèk bagay kontribyab k ap bay lajan yo ta dwe mete nan lespri yo:

  • Itilize zouti Rechèch Òganizasyon ki Pa Peye Enpo (an anglè) IRS la pou jwenn oswa verifye òganizasyon charite ki kalifye yo. Don ki fèt nan vrè òganizasyon charite sa yo ka gen dediksyon enpo sou yo.
  • Fè rechèch sou yon òganizasyon charite anvan ou voye yon don pou konfime si charite a reyèl epi pou konnen si gen dediksyon enpo sou don an.
  • Toujou mande yon resi epi kenbe yon dosye sou don an.
  • Gade relve labank ak kat kredi ak anpil atansyon pou asire w montan don yo egzat.

Kenbe astis anakè yo nan tèt ou:

  • Òganizasyon charite lejitim yo pa mande pou kat kado, lajan kach, oswa transfè.
  • Anakè yo ka di y ap travay pou IRS oswa yon lòt ajans gouvènman an.
  • Vòlè yo ka fè tèt yo pase pou yon reprezantan yon òganizasyon charite pou yo mande lajan oswa enfòmasyon pèsonèl nan men kontribyab ki gen bon entansyon yo.
  • Anakè yo ka chanje idantite (ID) moun kap rele yo pou fè li sanble yo se yon òganizasyon lejitim k ap rele avèk yon nimewo telefòn lejitim.
  • Anakè yo fè demann yo vag ak santimantal, men yo pa bay okenn detay sou fason yo pral itilize don ou an.
  • Anakè yo ka kreye fo sitwèb avèk non ki sanble ak bon òganizasyon charite.
  • Fo òganizasyon yo souvan deklare yon don dediktib lè se pa vre.

Viktim dezas yo ta dwe konnen:

Viktim dezas yo kapab rele liy asistans pou dezas IRS la nan 866-562-5227. Reprezantan IRS yo ap reponn kesyon sou alèjman fiskal oswa pwoblèm nan zafè enpo ki an rapò ak dezas la.

Fè don nan yon òganizasyon charite se yon bon fason pou ede lòt moun apre yon dezas oswa yon ijans. Si kontribyab yo sispèk yon anak oswa yon fwod, yo ka deklare li bay Komisyon Komès Federal (an anglè)la.

Plis Enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)