Konsèy pou rezoud pwoblèm òdinè nan jou annapre taks yo

Konsèy sou taks pou COVID 2021-73, May 24, 2021

Pandan dat limit pou deklare ak peye enpo federal yo te pase pou majorite moun, kèk kontribyab ka toujou ap konfwonte pwoblèm ki gen rapò ak taks yo.

Men kèk konsèy pou kontribyab k ap konfwonte kèk nan pwoblèm ki pi kouran nan jou annapre taks yo.

Verifye estati ranbousman

Kontribyab yo kapab itilize zouti Kote Ranbousman Mwen an? pou swiv ranbousman yo a. Li disponib sou IRS.gov ak IRS2Go app. Kontribyab ki pa gen yon òdinatè kapab rele 800-829-1954. Pou itilize zouti sa a, kontribyab yo bezwen nimewo Sekirite Sosyal yo, estati deklarasyon enpo yo ak montan ekzak ranbousman an ki reklame sou deklarasyon enpo yo a. Zouti a aktyalize yon fwa nan jounen an, kidonk, pa gen nesesite pou verifye pi souvan.

Verifye prelèvman

Yo ankouraje kontribyab yo pou yo itilize Estimatè Prelèvman Enpo a sou IRS.gov pou verifye prelèvman yo. Sa ap ede yo rasire yo si anplwayè yo ap fè prelèvman bon montan taks la sou chèk yo. Lè sa fèt kounya, l ap ede evite dwe yon montan ki pa t atann ak posiblite sanksyon lè yo prepare epi deklare enpo yo lòt ane.

Kontribyab yo kapab itilize rezilta Estimatè a bay yo pou ede konplete yon nouvo Fòm W-4 epi ajiste prelèvman enpo sou revni avèk anplwayè a. Kontribyab ki resevwa revni pansyon kapab itilize rezilta yo pou konplete yon Fòm W-4P epi soumèt la bay moun k ap peye a.

Verifye opsyon peman yo

Kontribyab ki dwe enpo yo ka verifye tout opsyon peman yo anliy. Sa gen ladan:

Gade byen si yo bezwen amande yon deklarasyon enpo

Apre yo fin fè deklarasyon enpo yo a, kontribyab yo ka jwenn yo te fè yon erè oswa te bliye mete yon bagay ladan. IRS la rekòmande kontribyab yo pou yo itilize Asistan Enpo Entèraktiv la, Èske Mwen Ta Dwe Soumèt yon Deklarasyon Amande? (an anglè) pou ede detèminen si yo ta dwe korije yon erè oswa fè lòt chanjman nan deklarasyon enpo yo te deja soumèt la.

Erè kouran kontribyab yo ta dwe korije se sila yo apwopo kondisyon fiskal yo, revni, dediksyon yo ak kredi yo. Dabitid, kontribyab yo pa bezwen fè yon deklarasyon amande pou korije yon erè matematik oswa si yo te bliye atache yon fòm oswa yon pwogram. Nòmalman, IRS la ap korije erè matematik la epi avize kontribyab la pa lapòs. Menm jan an, ajans lan ap voye yon lèt k ap mande tout fòm oswa pwogram ki manke yo.

Sila yo ki ap tann yon rabousman apati premye deklarasyon yo a pa ta dwe fè yon deklarasyon amande anvan yo trete premye deklarasyon an

Aktyèlman, IRS la ap pran plis tan pou trete dokiman lapòs yo tankou deklarasyon enpo sou papye yo ak tout korespondans ki pou wè ak deklarasyon enpo. IRS ap pran plis pase 21 jou pou bay ranbousman pou kèk deklarasyon enpo 2020 ki mande ekzaminen, tankou montan kredi ranbousman rekiperasyon ki pa kòrèk yo, oswa ki te itilize revni 2019 la pou kalkile kredi enpo sou revni a ak kredi enpo pou timoun adisyonèl la.

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)