Konsèy pou kontribyab taks ki bezwen fè yon deklarasyon taks modifye

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

Konsèy IRS sou Taks 2020-114, 3 Septanm 2020

IRS ap korije erè ki fèt pi souvan yo pandan l ap trete dosye a. Men, gen kèk sitiyasyon kote kontribyab taks la ka nan obligasyon pou l soumèt dosye pou yon deklarasyon modifye (an anglè) pou l ka fè yon koreksyon. Kontribyab taks yo ka fè deklarasyon taks modifye sou fòm elektwonik koulye a. Men kèk konsèy pou nenpòt moun ki ta dekouvri li te fè èrè oswa l te bliye mete yon bagay nan deklarasyon taks yo a.

Sèvi ak Asistan Taks Entèraktif la. Kontribyab taks yo ka sèvi zouti Éske me dwe soumèt dosye pou modifye yon deklarasyon? (an anglè) pou ede yo deside si yo dwe soumèt dosye pou modifye yon deklarasyon taks.

Pa modifye si se èrè kalkil oswa fòmilè ki manke. Kontribyab taks yo, an jeneral, pa bezwen soumèt dosye pou modifye yon deklarasyon si se pou korije èrè kalkil nan deklarasyon orijinal yo a. IRS ka korije fòt kalkil oswa èrè teknik nan yon deklarasyon epi l ka aksepte l menm si kontribyab taks la bliye voye ansanm avèl kèk fòmilè oswa barèm. IRS ap poste yon lèt voye bay kontribyab taks la, si sa nesesè, epi l ap voye mande lòt enfòmasyon l bezwen yo.

Rete tann jouk aprè w resevwa ranbousman w pou ane fiskal 2019 la anvan w deklare. Kontribyab taks ki ap tann ranbousman yo pou ane fiskal 2019 lan dwe rete tann IRS fin travay sou dosye a epi pou yo resevwa ranbousman an avan pou yo ranpli Fòmilè 1040-X pou mande plis ranbousman.

Soumèt Fòmilè 1040-X pou w fè modifikasyon. Kontribyab taks yo dwe soumèt Fòmilè 1040-X, Deklarasyon Taks sou Revni Endividyèl Etazini Modifye, pou korije deklarasyon taks yo. Si y ap modifye yon deklarasyon 1040 oswa 1040-SR pou ane 2019, Yo ka fè sa elektwonik si yo itilize lojisyèl kòmèsyal pou deklarasyon taks. Tout lòt deklarasyon modifye yo dwe al jwenn IRS pa lapòs. Lè y ap deklare a, kontribyab taks yo dwe endike ane deklarasyon orijinal la epi eksplike tout chanjman ki fèt; se pou yo atache tout fòmilè oswa barèm yo. Kontribyab taks yo ap siyen Fòmilè 1040-X la epi voye l nan adrès ki afiche nan enstriksyon yo (an anglè). Kontribyab taks ki ranpli Fòmilè 1040-X paske IRS te ekri yo dwe poste l ale nan adrès ki nan lèt la.

Modifye pou korije èrè. Kontribyab taks dwe korije deklarasyon yo si yo jwenn yo te dwe deklare yon estati ki diferan osiwa gen kèk revni yo pat rapòte. Kontribyab taks ki reklame dediksyon oswa kredi yo pat dwe reklame osinon ki pat reklame dediksyon oswa kredi you ta dwe reklame ka bezwen soumèt dosye pou modifye deklarasyon yo. Chanjman ki fèt nan deklarasyon federal ka afekte tou taks nan eta a. Kontribyab taks la dwe kontakte ajans taks ki nan eta a (an anglè) pou verifye sa.

Peye taks siplemantè. Kontribyab taks ki gen pou dwe plis taks dwe soumèt Fòmilè 1040-X epi peye taks li pi vit li kapab si l vle evite peye amann ak enterè. Yo bezwen panse itilize Pèman Dirèk IRS pou lajan taks yo a ka soti nan kont yo labank ale dirèk gratis al jwenn IRS.

Pa kite twa zan pase pou w pa soumèt dosye a. Kontribyab taks yo genyen nòmalman twa zan depi dat yo te deklare taks orijinal la pou yo soumèt Fòmilè 1040-X la pou fè reklamasyon yon ranbousman. Yo ka soumèt dosye a nan espas dezan depi dat yo te peye taks la, si lòt dat sa a te vini apre.

Itilize fòmilè separe si w ap modifye plis pase yon grenn ane fiskal. Pou evite konfizyon, kontribyab taks yo dwe ranpli epi soumèt yon Fòmilè 1040-X separe pou chak ane fiskal. Yo bezwen tcheke ti bwat ki di ki ane a, oswa yo dwe rantre lòt ane fiskal y ap fè modifikasyon an. Enstriksyon ki nan fòmilè a gen adrès postal pou deklarasyon modifye a la ladan l.

Swiv tras estati deklarasyon modifye w la sou entènèt la. Kontribyab taks yo ka swiv tras estati deklarasyon modifye yo a ni an anglè ni an Panyòl. Se pou yo itlize Kote Deklarasyon Modifye Pa M Nan? Deklarasyon modifye yo ap pran ata nenpòt 16 semèn menm depi dat yo te poste l la pou l parèt nan sistèm lan. Avan lè sa a, pa gen nesesite rele IRS sof si se zouti a menm ki mande kontribyab taks la se sa menm pou l fè.

Abòne ak Konsèy Taks IRS (an anglè)