Gen plis bagay nan detèmine kondisyon fiskal pase marye oswa selibatè

Konsèy Fiskal IRS 2022-182, 29 novanm 2022

Gen kontribyab ki kalifye pou plis pase yon kondisyon fiskal. Pandan y ap prepare yo pou sezon deklarasyon k ap vini an, kontribyab yo ta dwe revize avèk atansyon, opsyon yo genyen pou yo chwazi kondisyon fiskal k ap pi bon pou yo a. Sila yo ki kalifye sèlman pou yon kondisyon fiskal ta dwe asire yo ke yo byen gade sitiyasyon yo a apre yon evènman makan nan vi a, tankou maryaj oswa divòs.

Kondisyon fiskal la enpòtan paske li afekte:

  • Si kontribyab la gen egzijans pou li depoze yon deklarasyon enpo federal
  • Kalite fòm deklarasyon kontribyab la ap bezwen itilize
  • Si yo ta dwe depoze yon deklarasyon pou yo jwenn yon ranbousman
  • Montan dediksyon estanda yo
  • Si yo kapab reklame yon seri kredi
  • Montan enpo yo ta dwe peye

Men senk (5) kondisyon fiskal yo:

  • Selibatè. Nòmalman, kondisyon sa se pou kontribyab ki pa marye, divòse oswa separe legalman selon yon dekrè mentnans separe oswa divòs lwa leta a gouvènen.
  • Moun ki marye ki fè deklarasyon ansanm. Si yon kontribyab marye, li kapab depoze yon deklarasyon enpo jwen avèk konjwen li. Lè yon konjwen mouri, lòt konjwen an kapab depoze yon deklarasyon jwen pou ane sa nòmalman.
  • Marye k ap deklare apa. Koup ki marye yo kapab chwazi depoze deklarasyon enpo yo a apa. Lè yo fè l konsa, sa ka bay mwens dèt enpo pase lè yo depoze yon deklarasyon enpo jwen.
  • Chèf fwaye. Kontribyab ki pa marye yo ka anmezi pou deklare avèk kondisyon sa a, men gen règleman espesyal ki aplike. Pa ekzanp, kontribyab la dwe te peye plis pase mwatye depans pou antretyen yon kay pou tèt yo ak yon moun kalifye k ap viv nan kay la pandan mwatye ane a.
  • Vèf (vèv) kalifye ki gen timoun depandan. Kondisyon sa a ka aplike pou yon kontribyab si konjwen li an te mouri pandan youn nan de (2) ane pase yo epi yo gen yon timoun depandan. Gen lòt kondisyon ki aplike tou.

Ki Kondisyon Fiskal Mwen?

Si kontribyab yo gen konfizyon sou kondisyon fiskal yo, yo kapab itilize zouti Asistan Taks Entèraktif zouti Ki Kondisyon Fiskal Mwen an? (an anglè) sou IRS.gov. Zouti sa a kapab ede tou, kontribyab ki kalifye pou plis pase yon kondisyon fiskal jwenn sa k ap bay montan enpo ki pi ba a.

Plis enfòmasyon:

 

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)