IRS la voye lèt pou alète kontribyab yo sispèk ki viktim vòl idantite yo

Konsèy Fiskal IRS 2023-74, 31 Me 2023

Chalatan yo itilize pafwa nimewo Sekirite Sosyal yo vòlè yo pou yo ranpli deklarasyon enpo ki falsifye epi kolekte ranbousman yo. Pou anpeche sa, IRS la analize chak grenn deklarasyon enpo pou veye siy fwod. Si sistèm nan jwenn yon deklarasyon enpo ki sispèk, IRS la ap verifye deklarasyon an epi voye yon lèt bay kontribyab la pou mete li okouran de potansyèl vòl idantite a. IRS la pa p trete deklarasyon enpo ki sispèk la toutan kontribyab la pa reponn lèt la.

IRS la ka voye lèt pou idantifye fwod sa yo bay kontribyab yo:

Kontribyab yo ta dwe swiv etap ki nan lèt la

Lèt sou vòl idantite a ap di kontribyab la ki mezi yo bezwen pran. Kontribyab yo dwe swiv etap sa yo pou rezoud pwoblèm nan ak IRS la.

Viktim vòl idantite yo ka jwenn plis resous sou deklarasyon ak rekiperasyon de yon vòl idantite bò kote Komisyon Komès Federal la: IdentityTheft.gov (an anglè).

Si kontribyab la te resevwa yon lèt IRS sou vòl idantite, yo pa bezwen ranpli yon deklarasyon sou sèman pou vòl idantite

Si kontribyab yo bezwen siyale IRS la ke yo se yon viktim vòl idantite oswa yo panse ke yo ka yon viktim, yo ka ranpli Fòm 14039, Deklarasyon sou Sèman pou Vòl Idantite. Si yon kontribyab te deja resevwa yon lèt IRS konsènan vòl idantite, yo pa bezwen ranpli yon deklarasyon sou sèman.

Plis enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)