Kredi enpo pou adopsyon ede fanmi yo ak depans ki gen rapò ak adopsyon yo

Konsèy IRS sou enpo 2023-06, 23 janvye 2023

Kredi enpo pou adopsyon an pèmèt fanmi ki te nan pwosesis adopsyon an 2022 reklame jiska $14,890 nan frè depans adopsyon elijib pou chak timoun ki kalifye. Kontribiyab yo ka aplike kredi sa a nan adopsyon entènasyonal, nasyonal epi òfelina prive ak piblik.

Sa ou dwe konnen sou aplikasyon pou kredi sila a

  • Pou reklame kredi adopsyon an, kontribyab yo ranpli fòmilè 8839 lan, Depans Adopsyon Akseptab (an anglè) epi mete l nan deklarasyon enpo yo. Yo itilize fòmilè sa a pou yo wè kantite kredi yo ka reklame.
  • Montan revni (an anglè) ou ka afekte kantite kredi a.
  • Yo pa remèt kredi enpo pou adopsyon an. Sa a pral diminye yon bòdwo enpo men li pa pral lakòz yon ranbousman, menm lè kantite lajan kredi a pi plis pase bòdwo enpo la. Senpleman, yon kontribiyab ka pote kredi li rete yo epi aplike yo nan deklarasyon enpo li gen pou l fè sou 5 lane pou pi plis.

Ki moun ki konsidere kòm yon timoun ki kalifye

Yon timoun ki elijib se yon moun ki poko gen 18 an oswa yon timoun ki fizikman oswa mantalman pa kapab pran swen tèt li.

Depans ki akseptab yo

Depans adopsyon ki elijib yo gen ladan yo:

  • Frè adopsyon
  • Depans tribinal ak frè jiridik
  • Depans vwayaj ki gen rapò ak adopsyon, tankou manje ak otèl
  • Lòt depans ki gen rapò dirèkteman ak adopsyon legal yon timoun ki kalifye

Depans yo ka dediktib menm si kontribiyab la peye pou yo anvan yo idantifye yon timoun ki kalifye. Pa egzanp, kèk paran adoptif potansyèl peye pou yon evalyasyon lakay nan kòmansman pwosesis adopsyon an. Paran sa yo ka reklame frè sa yo kòm depans adopsyon elijib.

Depans adopsyon kalifye yo pa gen ladan yo depans yon kontribiyab peye pou adopte pitit mari oswa madanm yo. Men, yo ka gen ladan yo frè adopsyon yon patnè domestik anrejistre si patnè sa a ap viv nan yon eta ki pèmèt yon dezyèm paran oswa yon paran menm sèks adopte pitit patnè yo.

Plis enfomasyon:

Abòne nan Konsèy IRS sou enpo (an anglè)