Kontribyab ki genyen andikap yo genyen aksè egal ego nan sèvis IRS yo gras ak yon seri akomodasyon rezonab

Konsèy Fiskal IRS 2022-157, 13 oktòb 2022

IRS la angaje li pou li sèvi tout kontribyab yo, san retire moun ki gen andikap yo. Lè li bay akomodasyon rezonab yo, IRS la rasire li ke tout kontribyab ki genyen andikap yo genyen aksè egal ego nan pwogram, aktivite ak sèvis ajans lan.

Genyen anpil akomodasyon rezonab posib, pami yo bagay tankou:

  • Dispozisyon ki fasilite aksè nan batiman yo
  • Sèvis entèprèt pou lang siy
  • Dokiman an gwo karaktè oswa an bray

Kòman pou w fè demann yon akomodasyon rezonab

Kontribyab yo kapab fè demann yon akomodasyon rezonab davans oswa pandan yo vizite yon batiman IRS oswa sit yon pwogram ki gan asistans IRS. Yo kapab pale ak yon volontè oswa yon anplwaye IRS pou yo di li yo bezwen yon chanjman oswa modifikasyon nan yon politik, pratik, pwosedi oswa sèvis akoz yon andikap yo genyen. Yo pa bezwen itilize ekspresyon "akomodasyon rezonab" la pou yo fè demann yon akomodasyon. Kontribyab yo pa bezwen fè demann yon akomodasyon alekri men si yo ekri li, sa kapab ede nan kad verifikasyon.

Si yon kontribyab mande yon akomodasyon ki, depi an patan, modifye nati pwogram nan oswa ki reprezante yon gwo fado, IRS la oswa sit pwogram ki gen asistans IRS la dwe travay kanmenm avèk kontribyab la pou yo jwenn yon lòt akomodasyon, men k ap efikas.

Kòman pou fè demann avi IRS yo nan fòma ekriti bray, gwo karaktè, odyo oswa elektwonik

Kontribyab yo kapab ranpli Fòm 9000, Preferans pou Lòt Medya (an anglè) PDF, to yo chwazi resevwa avi fiskal IRS yo a nan fòma ekriti bray, gwo karaktè, odyo oswa elektwonik. Tankou avi sou enpo adisyonèl oswa penalite yo poko peye. Kontribyab yo kapab mete li ansanm ak deklarasyon taks yo a, voye li antanke yon fòm poukont li bay IRS la oswa rele 800-829-1040 pou chwazi fòma yo pi pito a.

Plis enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)