Kontribyab yo sipoze ouvri epi li ak anpil atansyon nenpòt lèt yo ta resevwa nan men IRS

Konsèy Fiskal IRS 2022-62, 21 avril 2022

IRS voye lèt oswa avi bay kontribyab yo pou plizyè rezon tankou:

  • Yo gen yon balans yo dwe.
  • Nou dwe yo yon gwo oswa yon ti ranbousman.
  • Ajans lan gen kesyon ki gen pou wè ak deklarasyon taks yo.
  • Gen nesesite pou yo verifye idantite yo.
  • Ajans lan bezwen plis enfòmasyon toujou.
  • Ajans lan chanje deklarasyon taks yo.

Si yon kontribyab resevwa yon lèt oswa yon avi nan men IRS, men sa li sipoze fè:

  • Pa inyore li. Pifò lèt oswa avi IRS yo konsène deklarasyon taks oswa kont taks yo. Lèt la oswa avi a ap di byen klè pou ki rezon nou kontakte kontribyab la e bay enstriksyon sou sa li dwe fè.
     
  • Pa panike. Jeneralman, IRS ak Ajans prive k ap kolekte taks yo kontakte kontribyab yo pa lapòs. Nan pifò ka, tout sa kontribyab yo gen pou yo fè se li lèt la ak anpil atansyon epi poze aksyon ki apwopriye yo.
     
  • Li tout lèt la oswa avi a ak anpil atansyon Si IRS chanje deklarasyon taks la, kontribyab la sipoze konpare enfòmasyon yo voye ba li nan lèt la oswa avi a ak enfòmasyon ki nan deklarasyon orijinal li a. Jenaralman, pa gen nesesite pou kontribyab la kontakte IRS si li dakò ak avi a.
     
  • Reponn a lè. Sizoka avi a ta mande yon repons nan yon dat byen detèmine, kontribyab la sipoze reponn nan dat la yon fason pou kapab:
    • evite reta nan tretman deklarasyon taks yo
    • diminye risk pou peye enterè adisyonèl ak penalite
    • konsève dwa kontribyab la genyen pou li pwoteste sizoka li pa ta dakò
       
  • Li sipoze peye montan dèt la. Kontribyab yo sipoze peye mezi yo kapab o maksimòm, sizoka yo pa ta kapab peye tout dèt la. Kontribyab yo kapab peye anliy oswa aplike anliy pou yon akò peman, ki gen ladann antant pou vèsman, oswa yon pwopozisyon konpwomi. Ajans lan ofri plizyè opsyon peman.
     
  • Sere yon kopi nan lèt la oswa avi a. Li enpòtan pou kontribyab yo sere yon kopi nan tout avi oswa lèt yo resevwa nan men IRS ak tout lòt dokiman ki gen pou wè ak taks yo. Yo gendwa bezwen dokiman sa yo pi devan.
     
  • Sonje, jeneralman pa gen okenn nesesite pou rele IRS. Si yon kontribyab gen obligasyon pou kontakte IRS pa telefòn, li sipoze itilize nimewo ki nan tèt avi a, nan kwen ki a dwat la. Kontribyab la sipoze gen yon kopi deklarasyon taks li ak lèt la nan men li pandan apèl la. Jeneralman, kontribyab y ap gen pou kontakte ajans lan si yo pa ta dakò ak enfòmasyon an, si IRS mande yo plis enfòmasyon, oswa kontribyab la gen yon balans li dwe. Kontribyab la kapab ekri ajans lan tou nan adrès li jwenn nan avi a oswa nan lèt la. Repons kontribyab yo ap trete nan lòd yo rive jwenn IRS la.

Plis enfòmasyon: