Kontribyab yo ta dwe rakwoche si anakè peryòd fiskal yo ap rele

Konsèy Fiskal IRS 2023-02, 9 Janvye 2023

Peryòd deklarasyon enpo a se yon peryòd kote anpil anakè ap rele epi eseye twonpe vijilans kontribyab ki pa sispèk anyen. Anpil fwa, apèl vòlè sa yo menasan epi enkyetan kote yo fè tèt yo pase pou IRS pou yo esye vòlè lajan oswa enfòmasyon pèsonèl kontribyab la.

Sepandan, li fasil pou moun yo rekonèt anak sa a lè yo konnen kòman IRS la kontakte kontribyab yo.

IRS la pap janm:

  • Rele pou mande pèman imedya avèk yon metòd espesifik tankou yon kat debi prepeye, kat kado oswa viman. Jeneralman, IRS la ap voye yon mesaj pa lapòs dabò bay tout kontribyab ki dwe taks.
  • Menase pou vini ak lapolis lokal la touswit oswa lòt gwoup ki la pou fè respekte lalwa pou arete kontribyab la paske li pa peye.
  • Mande pou peye taks yo san li pa bay kontribyab la opòtinite pou l poze kesyon oswa konteste montan li dwe a.
  • Rele sanzatann apwopo yon ranbousman fiskal.

Kontribyab ki resevwa apèl telefòn sa yo ta dwe:

  • Anrejistre nimewo a epi rakwoche telefòn nan touswit.
  • Ale sou paj liy asistans Enspektè Jeneral Trezò pou Administrasyon Fiskal la epi itilize yon fòm Deklarasyon Anak ki fèt sou non IRS oswa rele 800-366-4484 pou deklare apèl la.
  • Deklare nimewo a bay phishing@irs.gov epi mete "IRS Phone Scam" (Anak nan Telefòn sou non IRS) nan liy sijè a.

Plis enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)