Kontribyab yo ta dwe make zouti IRS.gov sa yo pou ede soulaje estrès yo lè sezon fiskal rive

Konsèy fiskal IRS 2023-11, 31 janvye 2023

Pandan moun yo ap prepare yo pou ranpli deklarasyon fiskal 2022 yo, yo ka gen kesyon oswa bezwen plis enfòmasyon. IRS.gov gen zouti ak resous li ka mete enfòmasyon yon kontribyab bezwen nan men yo. Kontribyab yo ka make lyen ki anba yo oswa anrejistre yo tankòm favori sou òdinatè yo oswa sou lòt aparèy yo. Lè w gen enfòmasyon sa yo ak sèlman yon klik, sa ka ede kontribyab yo apwoche sezon fiskal la ak konfyans.

  • Paj Kite Nou Ede w. Paj sa a genyen lyen ki mennen nan enfòmasyon ak resous sou yon pakèt sijè pou kontribyab endividyèl yo ak biznis yo.
     
  • Kont Anliy. Yon kont entènèt IRS pèmèt kontribyab yo jwenn aksè ak enfòmasyon fiskal pèsonèl yo nan sekirite, y ap jwenn tou transkripsyon deklarasyon fiskal yo, istwa pèman yo, kèk avi, revni brit ajiste (AGI) ane anvan yo ak enfòmasyon prokirasyon yo. Yo kapab konekte tou pou tcheke si non yo ak adrès yo kòrèk. Kontribyab yo dwe di IRS si adrès yo chanje (an anglè). Li enpòtan tou pou kontribyab yo di Administrasyon Sekirite Sosyal (an anglè) lan si yo chanje non nan fason legal pou evite yon reta nan pwosesis deklarasyon fiskal yo.
     
  • Deklarasyon Gratis IRS. Pifò kontribyab yo ka ranpli deklarasyon enpo yo anliy gratis lè l sèvi avèk IRS.gov/freefile. Pwogram sa a disponib sèlman sou IRS.gov epi li ofri lojisyèl preparasyon deklarasyon enpo bon kalite, gratis. Lojisyèl lan fè tout travay rechèch prelèvman, kredi, ak dispans pou deklran yo. Li gratis pou moun ki kalifye yo. Kèk kit Deklarasyon Gratis IRS ofri preparasyon deklarasyon enpo leta gratis. Moun ki alèz pou prepare pwòp deklarasyon enpo yo ka ranpli fòmilè yo gratis, kèlkeswa revni yo, pou ranpli deklarasyon enpo yo.
     
  • Jwenn yon pwofesyonèl fiskal. Paj Chwazi yon Pwofesyonèl Enpo sou IRS.gov gen anpil enfòmasyon pou ede moun k ap depoze yo jwenn èd fiskal pwofesyonèl. Anyè Preparatè Deklarasyon Enpo Federal Setifye ki gen sètèn kalifikasyon yo (an anglè) an ka ede kontribyab yo jwenn preparatè fiskal nan zòn yo ki gen kalifikasyon pwofesyonèl IRS rekonèt.
     
  • Asistan fiskal entèaktif. Zouti Asistan fiskal entè aktif (an anglè) la reponn anpil kesyon sou enpo. Li ka wè si yo ka pran taks sou yon revni oswa si yon kontribyab elijib pou kèk kredi oswa dediksyon. Li reponn tou kesyon jeneral, tankou wè si yon kontribyab ta dwe ranpli deklarasyon an, ki estati fomilè ki ranpli deja yo ye, oswa si yo kalifye pou deklare yon depandan.
     
  • Kote Ranbousman Mwen an? Kontribiyab yo ka itilize zouti sa a pou tcheke estati ranbousman yo an. Enfòmasyon sou ranbousman ane aktyèl la disponib dabitid sou entènèt nan espas 24 èdtan apre IRS resevwa yon deklarasyon enpo anliy. Estati yon deklarasyon sou papye ka pran jiska kat (4) semèn pou parèt. Yo fè mizajou zouti an yon fwa chak 24 èdtan, dabitid lannwit, kidonk, kontribyab yo sèlman bezwen verifye yon fwa pa jou.
     
  • Asistans Fiskal Gratis. Pwogram Asistans Fiskal Volontè sou revni ak konsèy fiskal pou granmoun yo ofri pou fè preparasyon deklarasyon enpo debaz la gratis, pou moun ki kalifye yo.

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS la (an anglè)