Kontribyab yo dwe deklare lajan poubwa yo antanke revni nan deklarasyon taks yo

Konsèy Fiskal IRS 2022-23, 10 fevriye 2022

Pou sila yo k ap travay nan endistri sèvis la, souvan poubwa a se yon pati vital nan revni yo. Tankou majorite fòm revni yo, poubwa yo gen taks sou yo. An konsekans, li vitaltou pou moun yo konprann obligasyon fiskal ki vini avèk revni poubwa yo. Men kèk enfòmasyon k ap ede kontribyab yo deklare revni poubwa yo pou yo pa resevwa yon fakti taks sanzatann.

Kontribyab yo dwe mete tout poubwa yo resevwa nan revni an gwo yo. Sa gen ladan:

  • Poubwa yo resevwa dirèk nan men kliyan yo.
  • Poubwayo mete sou kat kredi, debi oswa kado.
  • Poubwa ki soti nan yon akò pataj poubwa avèk anplwaye yo.

Valè poubwa ki pa lajan likid, tankou tikè, pas oswa lòt bagay ki gen valè yo tou se revni e yo ka gen taks sou yo.

Twa (3) bagay kapab ede kontribyab yo byen deklare revni poubwa yo.

  • Anrejistre poubwa yo fè chak jou.
  • Deklare poubwa yo bay anplwayè yo.
  • Deklare tout poubwa yo nan deklarasyon taks sou revni yo.

Sèvi ak Asistan Taks Entèraktiv la

Zouti anliy sa bay repons ak tout kesyon sou lwa fiskal yo. Kontribyab yo kapab itilize Asistan Taks Entèraktiv la (an anglè) sou IRS.gov pou konnen si revni poubwa yo gen taks sou li.

Sa anplwayè yo bezwen konnen

Si yon anplwaye resevwa $20 oswa plis nan yon mwa, yo dwe deklare poubwa yo pou mwa sa bay anplwayè yo a anvan 10yèm jou nan mwa annapre a. Anplwayè a dwe fè prelèvman taks sou revni federal, Sekirite Sosyal ak asirans maladi (Medicare) sou poubwa yo deklare yo.

Plis enfòmasyon: