Taxpayers can visit IRS.gov anytime for answers to tax questions

IRS Konsèy Fiskal 2022-02, 4 Janvye 2022

Pandan moun yo ap prepare yo pou yo depoze deklarasyon taks 2021 yo, IRS ap raple kontribyab yo, yo kapab jwenn repons ak kesyon sou taks yo depi lakay yo apati zouti ak resous anliy IRS yo. Zouti IRS.gov sa yo fasil pou itilize e yo disponib tout tan.

  • Chwazi yon moun ki konn prepare. IRS la genyen plizyè opsyon k ap pèmèt ou jwenn yon moun ki konn prepare taks. Youn nan resous yo se Chwazi yon Pwofesyonèl Taks, ki ofri yon pakèt enfòmasyon sou chwa yon pwofesyonèl taks. Repètwa Moun ki konn Prepare Deklarasyon Taks Federal yo ki genyen Konpetans ak Kalifikasyon yo Bezwen yo (an anglè) kapab ede kontribyab yo jwenn moun ki konn prepare taks nan zòn kote yo a ki genyen aktyèlman tit pwofesyonèl IRS la rekonèt oswa ki genyen yon Dosye Akonpli nan Pwogram Sezon Deklarasyon Anyèl la.
     
  • Asistan taks entèraktiv (an anglè). Zouti sa a genyen repons ak plizyè kesyon sou taks. Li kapab ede yo detèmine si yo kapab pran taks sou yon kalite revni. Anpil moun te genyen chanjman nan revni yo ak lòt evènman lavi yo (an anglè) nan 2021 an. Zouti sa a kapab ede yo jwenn kredi ak dediksyon (an anglè) taks yo.

    Kontribyab yo ka kalifye pou kredi taks pou timoun nan ak pou kredi pou swen depandan an. Sila yo ki pa kalifye pou kredi taks pou timoun nan ka anmezi pou reklame kredi pou lòt depandan yo. Moun k ap peye depans pou edikasyon siperyè pou tèt yo, pou yon konjwen oswa pou yon depandan, ka elijib pou ekonomize yon ti lajan avèk kredi oswa dediksyon taks pou edikasyon (an anglè). Anplis, kontribyab ki genyen, soti nan revni ki ba pou ale nan revni ki modere, ka kalifye pou kredi taks sou revni ki antre.
     
  • Ouvri yon kont labank epi chwazi depo dirèk. Depo dirèk bay kontribyab yo aksè a ranbousman yo pi rapid pase yon papye chèk. Sila ki pa genyen yon kont labank kapab aprann kijan pou yo louvri yon kont nan yon bank ki asire nan FDIC (an anglè) oswa atravè or through the zouti Lokalizatè Koperativ Kredi Nasyonal la (an anglè). Veteran yo ta dwe ale sou Pwogram Avantaj Bankè pou Veteran yo ( an anglè) pou jwenn aksè nan sèvis finansye yo nan bank k ap patisipe nan pwogram nan.
     
  • Kreyasyon oswa revozyon yon Kont Anliy nan IRS. IRS la ankouraje kontribyab ki poko kreye yon Kont Anliy pou yo fè sa san pèdi tan. Moun ki te deja kreye yon Kont Anliy ta dwe rasire yo y ap kapab toujou konekte avèk siksè. Kontribyab yo kapab itilize Kont Anliy pou yo jwenn aksè an tout sekirite nan dènye enfòmasyon ki disponib konsènan kont fiskal federal yo.
     
  • Peye yon fakti taks. IRS la ofri plizyè mwayen pou kontribyab yo peye taks yo tankou anliy, nan telefòn oswa sou aplikasyon IRS2Go. Peman Dirèk (Direct Pay) se yon mwayen gratis epi ki sekirize ki pèmèt peye taks oswa estimasyon taks yon mannyè dirèk apati yon kont chèk oswa yon kont epay. Peman Dirèk genyen senk (5) etap senp pou peye nan yon sèl seyans anliy epi li disponib tou avèk aplikasyonn mobil IRS2Go a.

Plis enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)