Kontribyab yo ak pwofesyonèl enpo ta dwe pare pou verifye idantite yo lè yo rele IRS la

Konsèy sou taks IRS 2021-110, 29 Jiyè 2021

Kontribyab yo ak pwofesyonèl enpo yo k ap rele IRS la ap genyen pou verifye idantite yo. Sa se nan efò ajans lan ap fè pou li kenbe done kontribyab yo an sekirite kont vòl idantite yo.

Anvan apèl la, tout moun ta dwe vizite IRS.gov pou yo jwenn aksè nan resous tankou paj Kite Nou Ede Ou pou jwenn repons pou kesyon sou enpo yo pi rapid.

Si yon kontribyab deside rele, li ta dwe konnen asistan telefòn IRS yo pran swen pou yo diskite enfòmasyon pèsonèl yo sèlman avèk kontribyab la oswa yon moun kontribyab la otorize pou pale nan non li. Pou asire kontribyab p ap bezwen rele ankò, IRS la raple kontribyab yo pou yo pare enfòmasyon ki annapre yo:

  • Nimewo Sekirite Sosyal (SSN) ak dat nesans pou sila ki gen non yo sou deklarasyon enpo a
  • Yon lèt Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Pèsonèl (ITIN) si kontribyab la gen yonn olye yon SSN
  • Estati deklarasyon yo: selibatè, chèf fwaye, marye k ap fè deklarasyon konjwen oswa marye k ap fè deklarasyon separe
  • Deklarasyon enpo ane anvan an. Asistan telefòn yo ka bezwen verifye idantite kontribyab la avèk enfòmasyon ki nan deklarasyon an anvan li reponn kèk kesyon
  • Yon kopi deklarasyon enpo ki konsène a
  • Tout lèt oswa avi IRS kontribyab la resevwa

Dapre lalwa, asistan telefòn yo ap pale sèlman avèk kontribyab la oswa reprezantan legal (an anglè) kontribyab la chwazi.

Si kontribyab yo oswa pwofesyonèl enpo yo ap rele pou kont yon lòt moun, yo ta dwe pare pou verifye idantite yo epi pwouve enfòmasyon konsènan moun y ap reprezante a. Anvan yo rele pou yon tyès, li ta dwe genyen enfòmasyon annapre yo disponib:

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)