Depo taks etap 1: Rasanble tout dokiman revni fen ane yo

Konsèy Taks pou COVID 2022-04, 6 janvye 2022

Pandan kontribyab yo ap prepare yo pou depoze taks yo, premya bagay yo ta dwe fè se rasanble dosye yo. Pou evite tretman anreta ki ka ralanti ranbousman yo, kontribyab yo ta dwe rasanble tout dokiman revni fen ane yo anvan yo fè yon deklarasyon taks 2021.

Li enpòtan pou moun yo genyen tout dokiman nesesè anvan yo kòmanse prepare deklarasyon yo. Sa ap ede yo depoze yon deklarasyon taks ki konplè epi ki kòrèk. Men kèk bagay kontribyab yo bezwen genyen anvan yo kòmanse fè taks yo.

  • Nimewo Sekirite Sosyal tout moun ki sou deklarasyon taks la. Anpil kontribyab konnen nimewo sa yo nan tèt yo. Men kanmenm, se toujou yon bon lide pou yo genyen yo avèk yo pou verifye si nimewo ki nan deklarasyon taks la kòrèk. Yon SSN ki gen yon move nimewo oswa 2 nimewo ki chanje plas ap lakoz tretman anreta.
  • Nimewo kont labank ak nimewo wouting nan. Moun yo ap bezwen sa yo pou ranbousman an depo dirèk yo. Depo dirèk se mwayen ki pi rapid pou kontribyab yo jwenn lajan yo epi evite pou yon chèk pèdi, pou yo vòlè li oswa retounen li nan IRS kòm chèk ki pa ka livre.
  • Ou pa genyen yon kont labank? Aprann kòman pou ou louvri yon kont nan yon bank ki asire an FDIC (an anglè) oswa atravè Zouti Lokalizatè Koperativ Kredi Nasyonal (an anglè) la. Veteran yo kapab ale sou Pwogram Avantaj Labank pou Veteran yo (an anglè).
  • Fòm W-2 anplwayè a (yo) ap bay.
  • Fòm 1099 nan bank yo, ajans livrezon yo ak lòt peyan tankou konpansasyon chomaj, dividand, distribisyon nan yon pansyon, aniyite oswa plan retrèt.
  • Fòm 1099-K, 1099-MISC, W-2 oswa lòt deklarasyon revni pou travayè nan ti travay yo.
  • Fòm 1099-INT pou enterè ou resevwa.
  • Lòt dokiman revni ak dosye tranzaksyon monnen vityèl.
  • Fòm 1095-A, Deklarasyon Mache Asirans Sante (an anglè). Kontribyab yo ap bezwen fòm sa a pou rekonsilye pèman avans yo oswa reklame kredi taks sou prim nan.
  • Lèt 6419, Pèman Avans Total Kredi Enpo pou Timoun 2021, pou rekonsilye pèman avans kredi enpo pou timoun yo.
  • Lèt 6475, Pèman Enpak Eonomik 2021 W lan, pou detèminen si ou kalifye pou reklame Kredi Ranbousman Rekiperasyon an.

Dabitif fòm yo kòmanse rive pa imèl oswa yo disponib anliy nan enstitisyon finansyè yo ak nan men anplwayè yo an janvye. Kontribyab yo ta dwe gade yo ak atansyon. Si gen yon enfòmasyon nan fòm nan ki pa kòrèk, kontribyab la ta dwe kontakte peyan an pi bonè posib pou li korije sa.

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)