Kredi pou taks ka ede diminye kòb edikasyon siperyè koute

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

Konsèy IRS sou Taks 2020-103, 17 Dawou 2020

Kit se klas sou entènèt, an pèsòn, moso tan oswa tan plen, edikasyon siperyè ka koute chè. Bòn nouvèl men li, kredi pou taks ka diminye kantite kòb sa yo. Kredi sa yo diminye kantite kòb taks yon moun dwe. Si kredi a diminye kòb taks la mete l pi ba pase zewo, kontribyab taks la ka menm resevwa yon ranbousman.

Kontribyab taks you ki peye edikasyon siperyè nan 2020 an ka wè ekonomi yo fè nan taks lè yo soumèt deklarasyon taks yo nan ane k ap vini an. Si kontribyab taks yo, mari oswa madanm yo, oubyen depandan yo pran klas edikasyon siperyè, yo ka jwenn dwa benefisye avantaj nan taks.

Genyen de kredi ki disponib (an anglè) pou ede kontribyab taks yo ekonomize lajan pou zafè lekòl, se Kredi nan taks opòtinite Ameriken (an anglè) bay la, epi kredi pou aprann kichòy pou lavi (an anglè). Kontribyab taks yo itilize Fòmilè 8863, Kredi pou Edikasyon (an anglè), pou yo ka reklame kredi yo.

Pou yo vin gen dwa pou yo reklame nenpòt nan kredi sa yo, yon kontribyab taks oubyen yon depandan l dwe gentan resevwa yon Fòmilè 1098-T yon enstitisyon lekòl ki gen dwa sa a voye ba li. Genyen eksepsyon pou kèk etidyan.

Men kèk bagay kle kontribyab taks yo dwe konnen sou chak nan kredi sa yo.

Kredi nan taks pou opòtinite Ameriken ane:

  • Gen yon valè maksimòm ki monte rive jouk nan $2,500 dola pou chak grenn tèt etidyan ki merite l.

  • Se sèlman pou kat premye ane nan yon inivèsite oubyen yon lekòl pwofesyonèl ki gen privilèj sa a.

  • Se pou etidyan k ap pouswiv yon diplòm oubyen lòt palmarès ki rekonèt nan edikasyon.

  • Gen moso ladan l ki ranbousab. Moun ka jwenn yo ranbouse yo kòb ki monte rive jouk nan $1,000 dola.

Kredi pou aprantisaj pou tout lavi a:

  • Gen yon valè maksimòm ki monte rive jouk nan $2,000 pou chak deklarasyon taks, chak ane, li te mèt se kantitte etidyan l te ye ki merite privilèj la.

  • Disponib pou tout ane yo nèt moun pase nan edikasyon siperyè, epi pou tout klas ki pèmèt moun aprann ou byen ogmante konesans pou yo travay.

  • Disponib pou yon kantite ane fiskal ki san limit.

Kontribyab taks yo ka itilize zouti Asistan Entèraktif sou Taks (an anglè) la sou IRS.gov pou yo ka chache konnen si yo ka gen dwa pou yo jwi kredi sa yo.

More information:

Abòne nan Konsèy Taks IRS (an anglè)