Pran responsabilite peman Kredi Enpo pou Timoun ou yo: Kòman pou itilize pòtal ajou IRS la pou enskri pou depo dirèk, chanje kont oswa kanpe tout peman yo

FS-2021-11, dawou 2021

Ou bezwen aktyalize enfòmasyon pou depo dirèk ou?

Anpil fanmi ap mande kòman yo kapab chanje kont labank kote yo resevwa peman mansyèl Kredi Enpo pou Timoun nan.

Premyeman, fanmi yo ta dwe itilize Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan pou konfime kalifikasyon yo pou peman yo. Si yo kalifye, zouti a ap di tou si yo enskri pou resevwa peman yo a pa depo dirèk.

Pou sila yo ki nan depo dirèk aktyèlman, zouti a ap bay yon lis tout nimewo woutaj bank yo ak kat (4) dènye chif nimewo kont yo a. Sa se kont kote IRS la voye peman yo jiska kounyea. Tout peman annapre yo prale sou kont sa a tou. Si nesesè, kont labank kote IRS la ap voye peman an kapab chanje kounyea apati peman 15 septanm nan. Yo kapab fè sa lè yo aktyalize nimewo woutaj la ak nimewo kont lan epi di si se yon kont epay oswa yon kont chèk. Remake se yon sèl kont chak benefisyè gen dwa pou yo genyen—sa vle di, tout peman an dwe depoze dirèk nan yon sèl kont.

Kòman ou ka soti nan papye chèk pou pase nan depo dirèk

Si Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan montre yon fanmi kalifye pou resevwa peman yo men fanmi an pa enskri pou resevwa depo dirèk, y ap resevwa yon papye chèk chak mwa. Si yo chwazi sa, yo kapab chanje pou yo pase nan depo dirèk.

Yo kapab itilize zouti a pou ajoute enfòmasyon kont labank yo. Yo ka fè sa lè yo rantre nimewo woutaj ak nimewo kont labank yo, epi di si se yon kont chèk oswa yon kont epay.

IRS la ankouraje tout fanmi k ap resevwa papye chèk yo pou yo panse pase nan vitès ak konfò depo dirèk la. Avèk depo dirèk, fanmi yo ka jwenn lajan yo pi rapid. Depo dirèk la retire tan, enkyetid, ak depans nan chanje chèk. Anplis, depo dirèk la elimine chans pou chèk ou ta pèdi, pou yo ta vòlè li oswa pou yo pa ta ba ou li.

Fanmi yo ka kanpe peman yo nenpòt lè

Menm apre peman yo kòmanse, fanmi yo ka kanpe tout peman mansyèl ki gen pou fèt si yo chwazi fè sa. Y ap fè sa lè yo itilize fonksyonalite dezenskri an nan Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan. Fanmi kalifye ki fè chwa sa ap toujou resevwa rès peman Kredi Enpo pou Timoun yo a nan yon sèl sòm lè yo ranpli deklarasyon enpo sou revni federal 2021 yo a lòt ane.

Pou kanpe tout peman yo apati septanm ak rès ane 2021 an, yo dwe dezenskri apati 30 dawou 2021.

Pou plis enfòmasyon konsènan pwosesis dezenskripsyon an, ansanm avèk yon kalandriye dat limit yo pou chak peman mansyèl yo, gade FAQs (Kesyon yo Poze Souvan) sou Kredi Enpo pou Timoun yo nan Sijè J: Dezenskri nan Peman Avans yo sou IRS.gov.

Pou koup ki marye yo, chak konjwen dwe dezenskri apa. Si yo chak chwazi dezenskri, yo p ap resevwa peman mansyèl ankò. Si se yon konjwen ki dezenskri sèlman, lòt konjwen an ap kontinye resevwa peman mansyèl yo, men se ap mwatye montan nòmal la.

Kiyès ki ta dwe dezenskri?

Olye pou yo resevwa peman avans sa yo, kèk fanmi ka pito tann jiska fen ane a pou yo resevwa kredi a an antye antanke yon ranbousman lè yo ranpli deklarasyon 2021 yo a. Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan pèmèt yo dezenskri nan peman mansyèl yo rapid epi fasil.

Fonksyonalite dezenskri a ka itil tou pou tout fanmi ki p ap kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun nan oswa ki kwè yo p ap kalifye lè yo ranpli deklarasyon 2021 yo a. Sa ka rive si, pa ekzanp, yon lòt moun, tankou yon ansyen konjwen oswa yon lòt manm fanmi, kalifye pou deklare timoun yo a oswa timoun yo antanke depandan an 2021.

Kisa Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan ye?

Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan se yon zouti ki pwotejr ak yon modpas, sekirize, disponib pou tout fanmi ki ka itilize entènèt ak yon telefòn entèlijan oswa yon òdinatè. Li la pou li pèmèt yo jere peman Kredi Enpo pou Timoun yo, ansanm avèk, si yo chwazi fè sa, dezenskri nan peman mansyèl yo.

Pou antre nan Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan, yon moun dwe verifye idantite li anvan. Si yon moun genyen yon non itilizatè IRS oswa yon kont ID.me avèk yon idantite ki verifye, yo kapab itilize kont sa yo pou yo konekte byen fasil. Moun ki gen yon kont deja ap genyen pou yo verifye idantite yo avèk yon fòm foto idantifikasyon pandan y ap itilize ID.me, yon tyès fyab pou IRS la. Verifikasyon idantite a se yon prekosyon ki enpòtan epi l ap pwoteje kont itilizatè a kont vòl idantite.

Yon moun ki pa genyen entènèt oswa ki pa kapab itilize zouti anliy lan ka dezenskri lè yo kontakte IRS la nan nimewo telefòn ki nan lèt akonpayman 6416 oswa L6416-A IRS la te voye ba yo a.

Kiyès ki ap jwenn yon peman mansyèl?

Anjenaral, peman mansyèl yo pral jwenn fanmi kalifye ki:

  • Te depoze yon deklarasyon enpo sou revi federal pou 2019 oswa pou 2020.
  • Te itilize zouti Non-Deklaran yo sou IRS.gov nan lane 2020 pou enskri pou yon Peman Enpak Ekonomik.
  • Te itilize Zouti Enskripsyon Non-Deklaran sou IRS.gov pou enskri pou Kredi Enpo pou Timoun nan ane sa a.

Yon fanmi kalifye ki te pase yonn nan etap sa yo pa bezwen fè anyen ankò pou yo jwenn peman yo.

Nòmalman, IRS la ap kalkile peman avans yo dapre deklarasyon enpo sou revni 2020 yo a. Si deklarasyon sa pa disponib, keseswa paske li potko depoze oswa li potko trete, IRS la ap itilize deklarasyon enpo 2019 la pou detèmine peman an pito.

Fanmi ki pa genyen gwo revni yo kapab toujou enskri

Li pa twò ta pou fanmi ki pa gen gwo revni yo enskri pou peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo, ansanm avèk Peman Enpak Ekonomik yo ak Kredi Ranbousman Rekiperasyon yo. Moun yo kapab jwenn avantaj sa yo, menmsi yo p ap travay epi menmsi yo pa genyen okenn revni.

IRS la ankouraje tout moun ki pa gen egzijans pou depoze yon deklarasyon enpo pou yo eksplore zouti ki disponib sou IRS.gov sèlman.

Premyeman, moun yo kapab itilize Asistan Kalifikasyon pou avans Kredi Enpo pou Timoun yo pou yo verifye si yo kalifye. Epi si yo kalifye, y ap kapab itilize Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an pou depoze yon deklarasyon senplifye nan IRS la. Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an ap disponib jiska 15 oktòb.

IRS la ankouraje patnè yo ak gwoup kominotè yo pou pataje enfòmasyon yo epi itilize zouti anliy ak bwat zouti disponib yo pou ede non-deklaran yo, fanmi ki pa gen gwo revni yo, moun ki sanzabri yo ak lòt gwoup defavorize yo enskri pou yo jwenn avantaj sa yo.

Chanjman nan Kredi Enpo pou Timoun yo

Plan Sovtaj Ameriken an te ogmante maksimòm Kredi Enpo pou Timoun nan an 2021 jiska $3,600 pou timoun ki gen mwens pase 6 lane epi jiska $3,000 pa timoun pou chak timoun ki genyen ant 6 ak 17 lane. Anvan 2021 an, kredi a te gen valè jiska $2,000 pou chak timoun kalifye.

Nouvo kredi maksimòm nan disponib pou kontribyab ki gen yon revni brit ajiste (AGI):

  • $75,000 oswa mwens pou selibatè yo,
  • $112,500 oswa mwens pou chèf fwaye yo
  • $150,000 oswa mwens pou koup marye k ap ranpli yon deklrarasyon konjwen ak vèf epi vèv ki kalifye yo.

Pou majorite moun, AGI modifye a se montan ki sou Liy 11 nan Fòm 1040 oswa 1040-SR lane 2020 yo a. Piwo sèy revni sa yo, montan anplis ki depase premye kredi $2,000 a — swa $1,000 oswa $1,600 pou chak timoun — redwi pa 50% pou chak $1,000 nan AGI modifye. Anplis, kredi a konplètman ranbousab pou 2021 an. Sa vle di fanmi kalifye yo kapab jwenn li, menmsi yo pa dwe enpo sou revni federal. Anvan ane sa a, pòsyon ranbousab la te limite jiska $1,400 pou chak timoun.

Pou dènye mizajou konsènan Kredi Enpo pou Timoun nan ak peman avans yo, vizite IRS.gov/childtaxcredit2021.