Kòmanse nouvèl ane a ak konsiltasyon Deklarasyon Dwa Kontribyab la

Konsèy Fiskal IRS 2023-01, 3 Janvye 2023

Daprè lalwa, tout kontribyab yo jwi dwa fondamantal yo lè yo ap fè fas ak IRS. Dwa sa yo aplike pandan tout ane a, pa sèlman pandan peryòd deklarasyon an. Sepandan, lè kontribyab yo konnen ak konprann dwa sa yo, sa ka ede yo reponn tout kesyon ki konsène peryòd deklarasyon an ak konfyans. Nou ankouraje tout kontribyab yo konsilte Deklarasyon Dwa Kontribyab la.

Sa se premye nan yon seri konsèy sou Deklarasyon dwa Kontribyab la. Chak mwa, Konsèy Fiskal ap gade pi pre youn nan dwa ki prezante nan 10 kategori ki nan lis la. Pou ou kapab jwenn tout detay ofisyèl yo okonplè konsènan dwa sa yo, klike sou lyen yo ki pi ba a.

Dwa pou ou enfòme

Kontribyab yo gen dwa pou yo konnen kisa yo gen pou yo fè pou yo konfòme yo ak lwa fiskal yo.

Dwa pou jwenn sèvis kalite

Kontribyab yo gen dwa pou yo jwenn asistans rapid, koutwa epi pwofesyonèl lè y ap travay ak IRS epi tou yo gen libète pou yo pale ak yon sipèvizè lè yo pa jwenn yon sèvis ki adekwa.

Dwa pou ou pa peye plis pase montan enpo ki kòrèk la

Kontribyab yo gen dwa pou yo peye sèlman montan enpo yo dwe devan lalwa a, sa ki enkli enterè ak penalite yo, ak pou fè IRS la aplike tout pèman enpo yo kòrèkteman.

Dwa pou konteste pozisyon IRS la epi pou yo tande w

Kontribyab yo gen dwa pou yo konteste aksyon fòmèl IRS yo oswa aksyon li pwopoze yo epi bay dokiman adisyonèl pou jistifikasyon.

Dwa pou fè apèl kont yon desizyon IRS nan yon fowòm endepandan

Kontribyab yo elijib pou yo benefisye yon administrasyon apèl pou pifò desizyon IRS yo ki jis epi ki san patipri, sa gen ladan kèk nan penalite yo.

Dwa pou finalite

Kontribyab yo gen dwa pou yo konnen kantite tan maksimòm yo genyen pou yo konteste pozisyon IRS yo menm jan ak tan maksimòm IRS la genyen pou l kontwole yon ane enpozisyon patikilye oubyen kolekte yon dèt fiskal.

Dwa pou vi prive

Kontribyab yo gen dwa pou yo atann yo nenpòt ki ankèt, evalyasyon oswa egzekisyon mezi IRS yo ap fèt jan lalwa mande pou sa fèt la epi yo pap founi je gade kote ki pa nesesè.

Dwa pou konfidansyalite

Kontribyab yo gen dwa pou yo atann yo enfòmasyon yo ap rete konfidansyèl.

Dwa pou konsève reprezantasyon

Kontribyab yo gen dwa pou yo konsève sèvis yon reprezantan otorize ke yo chwazi pou reprezante yo lè y ap fè fas ak IRS la.

Dwa pou yon sistèm fiskal ekitab epi jis

Kontribyab yo gen dwa pou yo atann yo ak yon sistèm fiskal ki jis. Sa gen ladan fè konsiderasyon pou tout faktè ak sikonstans ki gendwa afekte obligasyon yo ak kapasite yo pou yo peye oswa bay enfòmasyon yo a tan.

Plis Enfòmasyon:

Abòne ak Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)