Ansanm ti mezi sekirite ki fè yon gwo diferans nan sa ki pou wè ak sekirite anliy

Konsèy Fiskal IRS 2021-179, 3 Desanm, 2021

Sibèkriminalite se yon preyokisayon konstan nan mond anliy lan, sa siyifi ke tout moun dwe konsyan de risk ki genyen lè yo pataje aparèy yo, achte anliy epi enteriaji ak sou medya sosyal yo. Menm si sa ka sanble akablan, li pa oblije sa. Kèk ti mezi sekirite kapab redui risk ekspozisyon kont menas ki lye ak sekirite anliy.

Fè atansyon nan koze pataje enfòmasyon pèsonèl

Pèsonn pa dwe revele twòp enfòmasyon sou tèt yo. Moun yo kapab kenbe done yo an sekirite lè yo sèlman founi sa ki nesesè. Sa redui ekspozisyon anliy nan sa i gen pou wè ak aktivite kriminèl. Pa egzanp, anivèsè nesans yo, adrès, laj epi espesyalman nimewo Sekirite Sosyal yo se yon seri bagay moun pa dwe pataje konsa konsa. An reyalite, moun pa dwe ap mache ak yon kat Sekirite Sosyal nan bous yo. Kontribyab yo dwe sèlman pataje pyès idantite gouvènman an emèt aprè verifikasyon dabò nati demann nan lè w kontakte ajans lan oubyen vizite sit antènèt ajans lan. Si yon moun rele pou l ap mande enfòmasyon pèsonèl ak enfòmasyon finansye, verifye demand yo a apa, oubyen rakwoche epi siyale kontak la.

Pwoteje done pèsonèl yo

Granmoun yo dwe konseye jèn itilizatè yo pou yo achte nan men detayan anliy ki gen bon repitasyon yo. O dwe trete enfòmasyon pèsonèl tankou lajan likid epi yo pa dwe yo kite yo ap trennen.

Itilize lojisyèl sekirite

Moun yo dwe asire ke lojisyèl sekirite yo genyen o tankou antiviris, ak miray dife  yo toujou aktive epi yo dwe kapab ajou otomatikman. Yo dwe sovgade epi kripte fichye sansib ki estoke sou òdinatè a regilyèman. Fichye sansib yo gen ladan yo bagay tankou dosye fiskal yo, relve nòt yo ak demand admisyon pou Kolèj. O dwe itilize modpas ki solid epi solid pou chak kont epi aktive otanfikasyon a de oubyen plizyè faktè pou kont anliy yo lè sa posib. Yo dwe asire yo tou ke tout manm nan fanmi yo gen pwoteksyon antiviris konplè pou aparèy yo genyen yo, espesyalman sou aparèy yo pataje yo.

Konnen risk ki genyen nan Wi-Fi piblik

Koneksyon sou Wi-Fi piblik pratik epi li souvan gratis, men li ka gen danje ladan l. Kriminèl yo ka vòlè enfòmasyon pèsonèl ou yo apati rezo sa yo. Toujou itilize yon rezo prive vityèl lè w ap konekte sou Wi-Fi piblik.

Aprann idantifye epi evite anak

Tout moun dwe okouran de anak ki komen yo. Kriminèl yo itilize kourye pyèj yo (an anglè), apèl telefonik ki plen menas, ak tèks pou fè tèt yo pase pou anplwaye IRS, oubyen lòt òganis gouvènmantal  oubyen ajans lejitim ki la pou fè aplike lalwa. Moun yo dwe toujou sonje pou yo pa janm klike sou lyen oubyen telechaje atachman imèl enkoni oubyen imèl ki parèt sispèk yo.

Nou dwe okouran de kont ki pirate yo

Kontak sispèk yo kapab parèt yo gen orijin yo nan yon moun itilizatè a konnen ki genyen kont anliy li yo, pa egzanp, imèl, oubyen medya sosyal, yon kriminèl konpwomèt; sa vle di kont lan se pou yo l ye, men yo pa t fè demann lan.

Plis enfòmasyon

Abòne pou jwenn Konsèy Fiskal IRS yo (an angle)