Remonte dosye yo apre yon katastwòf natirèl se yon etap esansyèl nan retablisman an

Konsèy Fiskal IRS 2022-160, 19 oktòb 2022

Dosye fiskal yo pa yon premye priyorite pou sila yo ki viktim nan katastwòf natirèl yo e yo pa ta dwe sa. Men, dokiman sa yo ka nesesè pou jwenn asistans federal oswa ranbousman asirans. Li enpòtan pou viktim katastwòf yo remonte dosye yo pou ede yo pwouve ak dokimante pèt yo sibi yo.

Men kèk etap k ap ede moun yo remonte dosye enpòtan yo ka bezwen pandan y ap kòmanse retabli ak rekonstwi.

Dosye fiskal

  • Jwenn relve deklarasyon taks yo touswit avèk Jwenn Relve sou IRS.gov.
  • Rele 800-908-9946 pou mande relve yo epi swiv enstriksyon yo.

Relve finansye

  • Moun yo kapab rasanble relve pase yo apati konpayi kat kredi yo oswa bank yo.
  • Dokiman sa yo ka disponib sou entènèt. Moun yo kapab kontakte bank yo tou pou yo jwenn kopi papye relve sa yo.

Dokiman pwopriyete yo

  • Pwopriyetè kay yo kapab jwenn dokiman ki an rapò ak pwopriyete, lè yo kontakte sosyete tit la, sosyete depo fidisyè oswa bank ki te jere acha kay yo a oswa lòt pwopriyete.
  • Kontribyab ki te fè amelyorasyon nan kay yo kapab rantre an kontak avèk kontraktyèl ki te fè travay la epi mande relve yo pou verifye travay yo ak depans yo. Yo kapab jwenn deskripsyon alekri tou nan men zanmi ak fanmi ki te wè kay la anvan ak apre amelyorasyon yo.
  • Sila ki eritye yon pwopriyete kapab konsilte dokiman tribinal yo pou yo konnen valè omologasyon yo. Si te deja gen yon fidisi oswa siksesyon, kontribyab yo kapab kontakte avoka ki te responsab fidisi a.
  • Moun ki pa gen dokiman disponib ta dwe ale nan biwo ekspè konte a pou ansyen dokiman ki ka gen enfòmasyon sou valè pwopriyete a.
  • Pwopriyetè machin yo kapab chèche valè mache aktyèl la pou majorite machin yo. Resous yo disponib sou entènèt ak nan majorite bibliyotèk yo. Pami yo Kelley’s Blue Book, the National Automobile Dealers Association and Edmunds.

Plis enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)