Piblikasyon yo ede kontribyab yo prepare yo epi rete pare pou sezon deklarasyon taks la

IRS Tax Tip 2021-186, 15 desanm 2021

Avèk sezon deklarasyon taks li ki tou pre, kontribyab yo ta dwe verifye de (2) piblikasyon IRS ki disponib sou IRS.gov. Piblikasyon sa yo kapab ede moun yo prepare yo epi rete òganize avèk konsèy pou planifikasyon fiskal pou tout ane a.

Piblikasyon 5348, Prepare Ou pou deklare (an anglè) PDF

Planifikasyon fiskal se pou tout moun. Kontribyab yo kapab itilize piblikasyon sa a pou yo ede yo prepare tèt yo pou depoze deklarasyon taks sou revni federal 2021 yo a lòt ane. Planifikasyon ede moun yo depoze yon bon deklarasyon epi evite tretman anreta ki ka ralanti ranbousman taks yo a.

Piblikasyon 5349, Planifikasyon fiskal sou tout ane a se pou tout moun (an anglè) PDF

Chanjman nan vi a kapab afekte ranbousman oswa montan taks yon kontribyab dwe. Chanjman sa yo gen ladan yo bagay tankou estati travay, eta sivil ak gen oswa pèt finansyè yo. Piblikasyon 5349 bay konsèy sou devlòpman abitid yo pandan ane a k ap ede preparasyon taks la fèt pi fasil. Resous sa gen ladan tou, yon lis kontwòl eleman kontribyab yo ta dwe genyen nan men yo lè y ap depoze deklarasyon taks yo.

Plis enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)