Moun yo kapab pwoteje tèt yo kont vòl idantite ki an rapò ak taks avèk yon PIN pou Pwoteksyon Idantite

Konsèy Fiskal IRS 2022-84, 1ye jen 2022

PIN pou Pwoteksyon Idantite a anpeche vòlè idantite yo soumèt fo deklarasyon taks. Lè yon kontribyab chwazi patisipe nan pwogram sa a, IRS ba yo yon nimewo ki gen sis (6) chif kontribyab la itilize pou li pwouve idantite li lè l ap soumèt deklarasyon taks li. Kouch pwoteksyon anplis sa bay lapè nan tèt, espesyalman pou moun ki te viktim vòl idantite deja.

Kòman pou w jwenn yon IP PIN

Zouti Jwenn Yon IP PIN nan pèmèt moun ki gen yon SSN oswa ITIN fè demann yon IP PIN anliy apre yo fin verifye idantite yo. Kontribyab yo ta dwe gade ekzijans Aksè Sekirize yo anvan yo eseye itilize zouti Jwenn Yon IP PIN nan.

Pwofesyonèl taks yo kapab ede kliyan ki viktim vòl idantite yo pandan y ap ankouraje yo pou yo pran yon IP PIN san pèdi tan. Menm si yon vòlè te deja soumèt yon fo deklarasyon taks, yon IP PIN t ap anpeche kontribyab la viktim vòl idantite ki an rapò ak taks yon dezyèm fwa alavni.

Enfòmasyon enpòtan konsènan IP PIN yo

  • Pou rezon sekirite, patisipan ki nan pwogram nan resevwa yon IP PIN chak ane. IP PIN sa valid pou yon lane.
  • Kontribyab ki enskri yo kapab retounen konekte sou zouti Jwenn Yon IP PIN nan pou yo wè aktyèl IP PIN yo a.
  • Moun ki gen yon IP PIN dwe itilize li lè y ap soumèt nenpòt deklarasyon taks pandan ane a, ni deklarasyon taks ane pase yo tou. 
  • Itilizatè IP PIN yo ta dwe pataje nimewo yo a bay IRS la sèlman epi ak pwofesyonèl yo fè konfyans k ap ede yo prepare deklarasyon taks yo. IRS la pap janm rele, voye imèl oswa mesaj tèks pou mande IP PIN nan.
  • Aktyèlman, kontribyab yo kapab jwenn yon IP PIN pou 2022. IRS ap bay nouvo IP PIN yo apati janvye 2023.

Kontribyab ki pa kapab valide idantite yo anliy kapab toujou jwenn yon IP PIN

Kontribyab ki pa kapab valide idantite yo anliy, epi ki gen revni ki pi ba pase yon sèy, kapab soumèt Fòm 15227, Aplikasyon pou yon Nimewo Idantikasyon Pèsonèl pou Pwoteksyon Idantite (an anglè) PDF. Sèy 2022 a se $73,000 pou endividyèl yo oswa $146,000 pou moun marye k ap fè deklarasyon konjwen.

Depi IRS la fin resevwa fòm nan, yon reprezantan ap rele nimewo telefòn kontribyab la te bay pou valide idantite li a. Sepandan, pou rezon sekirite, IRS ap bay yon IP PIN pou sezon deklarasyon annapre a, epi kontribyab la pap ka itilize IP PIN nan pou aktyèl sezon deklarasyon an.

Kontribyab ki pa kapab valide idantite yo anliy oswa nan telefòn, epi ki pa kalifye pou soumèt yon Fòm 15227 kapab pran yon randevou nan yon Sant Asistans pou Kontribyab. Y ap bezwen mache avèk yon Pyès Idantifikasyon ki gen foto gouvènman an ba yo, ansanm avèk yon lòt dokiman idantifiasyon pou pwouve idantite yo. Depi verifikasyon an fin fèt, kontribyab la ap jwenn yon IP PIN nan bwat postal li, dabitid nan twa (3) semèn.

Plis enfòmasyon:

Abòne ak Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)