Nouvo pwosesis verifikasyon idantite anliy pou aksede a zouti otoasistans IRS yo

Konsèy fiskal IRS 2021-181, 7 Desanm, 2021

IRS lanse dènyeman an yon pwosesis verifikasyon idantite ak yon pwosesis enskripsyon ki pèmèt plis moun aksede epi itilize nan tout sekirite zouti anliy IRS yo ak aplikasyon li yo.

Kontribyab ki ap itilize nouvo pwosesis verifikasyon ki adapte pou aparèy mobil yo kapab aksede a plizyè sèvis anliy IRS tankou::

Gen lòt aplikasyon ki ap fè tranzisyon vè nouvo pwosesis la nan ane k ap vini an.

Nouvo pwosesis la atenn plis moun gras a itilizasyon elaji dokiman yo ak asistans depanaj elaji pou ansanm kontribyab ki ap fè fas ak yon pwoblèm lè yo ap tante verifye idantite yo anliy.

IRS ap itilize ID.me pou li founi sèvis verifikasyon yo. Nouvo pwosesis la fè pati angajman kontini IRS la genyen pou asire ke se sèlman moun ki gen dwa legal nan done yo ke yo founi enfòmasyon kontribyab la sèlman.

IRS entegre nouvo pwosesis kreyasyon kont sa nan kèk aplikasyon fiskalis yo itilize, sa ki gen ladan yo sa yo itilize pou fè demann manda oubyen otorizasyon enfòmasyon sou taks anliy lè y ap itilize Kont Fiskalis (an anglè) oubyen pou soumèt Fòmilè 2848 ak 8821 anliy (an anglè).

Aksede a zouti IRS yo

Y ap mande kontribyab yo pou yo enskri ak yon kont ID.me. Si yo gen non itilizatè deja, yo kapab itilize referans yo te gen nan ansyen sistèm nan pou enskri jouk rive ete 2022. Poutan, yo dwe kreye yon kont ID.me prese prese. Tout moun ki gen yon kont ID.me ki sòti nan Pòtay Mizajou Kredi Enpo pou Timoun nan, oubyen ki sòti nan nenpòt ajans gouvènmantal , kapab enskri ak referans yo genyen yo.

Pou verifye idantite yo ak ID.me, kontribyab la ap bezwen pou li:

  • Founi yon foto pèmi kondui, yon kat idantite Etatik oubyen yon paspò.
  • Fè yon sèlfi ak yon telefòn entèlijan oubyen yon òdinatè ki gen yon webcam.

Yon fwa idantifye yo verifye, yo ka aksede tout sèvis anliy yo nan tout sekirite.

Konsilte Fichye Enfòmasyon nou yo sou nouvo pwosesis verifikasyon idantite a pou plis enfòmasyon.èò.

Abone w avèk Konsèy Fiskal IRS yo (an angle)