Plis pase 2.3 milyon Peman Enpak Ekonomik adisyonèl vèse anba Plan Sovtaj Ameriken an; peman total yo te rive nan prèske 169 milyon

IR-2021-127, June 9, 2021

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn, Etzazini. Depatman Trezò ak Biwo Sèvis Fiskal la te anonse jodia yo vèse plis pase 2.3 milyon Peman Enpak Ekonomik adisyonèl anba Plan Sovtaj Ameriken an.

Anons jodia ki kouvri de (2) semenn efò ki pi resan yo bay total vèsman an nan prèske 169 milyon peman jis kounya. Yo reprezante yon valè total ki nan anviwon $395 bilyon depi lè peman sa yo te kòmanse lanse bay Ameriken yo an lo nan dat 12 Mas (an anglè).

Men enfòmasyon adisyonèl sou de (2) dènye semenn peman yo, ki gen ladan sila yo ki gen dat peman ofisyèl yo jiska 9 Jen:

  • Ototal, sa gen ladan plis pase 2.3 milyon peman ki gen yon valè plis pase $4.2 bilyon.
  • Plis pase 900 000 peman ak yon valè prèske $1.9 bilyon te al jwenn endividi kalifye IRS pa t genyen enfòmasyon anvan pou l te ba yo yon Peman Enpak Ekonomik men ki te fè yon deklarasyon enpo dènyeman. 
  • Sa gen ladan tou peman siplemantè kap kontinye pou moun ki te resevwa peman yo bonè nan ane a dapre deklarasyon enpo 2019 yo a men ki kalifye pou yon nouvo oswa pi gwo peman dapre deklarasyon enpo 2020 yo ki trete dènyeman. Nan de (2) dènye semenn yo, te genyen plis pase 1.1 milyon peman siplemantè sa yo, ki gen valè plis pase $2.5 bilyon. Antou, IRS la te bay plis pase 8 milyon peman siplemantè sa yo ane sa a.
  • Anjeneral, de (2) dènye semenn peman yo genyen plis pase 1.2 milyon peman depo dirèk (ak yon valè total depase $2.2 bilyon) avèk rès la an peman papye chèk.

IRS ap kontinye bay Pemen Enpak Ekonomik yo cahk semenn. Peman kap kontinye yo ap fèt pou endividi kalifye IRS la pa t genyen enfòmasyon anvan pou l te ba yo yon Peman Enpak Ekonomik epi ki te fè yon deklarasyon enpo dènyeman, ansanm ak moun ki kalifye pou peman siplemantè yo tou.

Rapèl espesyal pou sila yo ki pa fè yon deklarasyon enpo nòmalman

Malgre peman yo otomatik pou majorite moun yo, IRS kontinye ankouraje moun ki pa fè yon deklarasyon enpo nòmalman epi ki pa t resevwa Peman Enpa Ekonomik yo pou yo fè yon deklarasyon enpo 2020 pou yo jwenn tout avantaj yo gen dwa pou jwenn yo dapre lwa a, kigen ladan yo kredi fiskal tankou, Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2020 an, Kredi Enpo pou Timoun, ak Kredi Enpo sou Revni an. Fè yon deklarasyon enpo 2020 ap ede IRS detèminen si yon moun kalifye pou yon peman avans Kredi Enpo pou Timoun 2021 an, k ap kòmanse vèse nan lete sa a.

Parekzanp, kèk benefisyè avantaj federal yo ka bezwen fè yon deklarasyon enpo 2020 – menmsi yo pa gen abitid deklare – pou bay enfòmasyon IRS la bezwen pou voye peman bay yon depandan kalifye. Endividi kalifye nan gwoup sa a ta dwe fè yon deklarasyon enpo 2020 pi rapid posib pou yo konsidere yo pou peman adisyonèl pou depandan kalifye yo.

Moun ki pa fè deklarasyon enpo nòmalman e ki pa resevwa avantaj federal yo ka kalifye pou Peman Enpak Ekonomik sa yo. Gen pami sa yo sila yo ki sanzabri (an anglè) ak lòt yo. Endividi ki pa t jwenn yon premeye oswa dezyèm tou Peman Enpak Ekonomik oswa te jwenn mwens pase montan total yo ka kalifye pou Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2020 an, men y ap bezwen fè yon deklarasyon enpo 2020. Gade seksyon espesyal la sou IRS.gov: Reklamasyon Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2020 an si ou pa gen obligasyon pou fè yon deklarasyon enpo (an anglè).

Preparasyon deklarasyon enpo gratis disponib pou moun kalifye yo.

IRS ap raple kontribyab yo nivo revni yo nan twazyèm tou Peman Enpak Ekonomik yo te chanje. Sa vle di kèk moun p ap kalifye pou twazyèm peman an menmsi yo te resevwa yon premye oswa dezyèm Peman Enpak Ekonomik oswa te reklame yon Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2020. Peman yo ap kòmanse redui pou endividi k ap rantre $75 000 oswa plis pase sa kòm Revni Brit Ajiste ($150 000 pou moun marye k ap fè deklarasyon konjwen). Peman yo fini nan $80 000 pou endividi ($160 000 pou moun marye k ap fè deklarasyon konjwen); moun ak Revni Brit Ajiste ki depase nivo sa yo pa kalifye pou yon peman.

Endividi yo ka verifye zouti Jwenn Peman Mwen an sou IRS.gov pou yo ka wè estati peman sa yo. Enfòmasyon adisyonèl sou Peman Enpak Ekonomik yo disponib sou IRS.gov.